Èske ou tande apèl (Azan) pou lapriyè a? Li reponn: Wi. Li (Pwofèt la ) di li: Enben, reponn li (ale nan moske a).
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di:
Gen yon Mesye avèg ki te vin bò kote Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, mwen pa gen pèsonn pou mennen m nan moske a." Li te mande Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) pèmisyon pou li priye lakay li. Pwofèt la te ba li pèmisyon an. Men, pandan gason an tap vire poul ale, Pwofèt la relel, epi li dil: "Èske w tande apèl pou priyè a (Azān lan)?" mesye an reponn: "Wi." Pwofèt la di li: "Enben, reponn li (ale nan moske a)."
أَتَى النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ رَجُلٌ أَعْمَى، فَقَالَ: يَا رَسُولَ اللهِ، إِنَّهُ لَيْسَ لِي قَائِدٌ يَقُودُنِي إِلَى الْمَسْجِدِ، فَسَأَلَ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَنْ يُرَخِّصَ لَهُ فَيُصَلِّيَ فِي بَيْتِهِ، فَرَخَّصَ لَهُ، فَلَمَّا وَلَّى دَعَاهُ، فَقَالَ: «هَلْ تَسْمَعُ النِّدَاءَ بِالصَّلَاةِ؟» فَقَالَ: نَعَمْ، قَالَ: «فَأَجِبْ».
Gen yon mesye avèg ki te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), epi li di: O Mesaje Allah, mwen pa gen moun pou ede mwen epi pran men mwen pou mennen mwen nan moske a, nan 5 priyè yo. Li te vle pou Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) bal pèmisyon pou li kite lapriyè an gwoup la, epi li te bal pèmisyon. Lè misye a vire pou li ale, li relel epi li dil: «Èske ou tande Azàn nan pou lapriyè a?» Misye a di: Wi. Li di: «Ebyen, reponn moun kap fè apèl pou lapriyè a.»
Obligasyon pou moun priye an gwoup ; paske pèmisyon (dispans) pa egziste sof pou yon bagay ki obligatwa epi ki nesesè.
Pawòl li a: «Enben, reponn li» pou moun ki tande apèl (Azan) an montre obligasyon lapriyè an gwoup la; paske prensip debaz nan yon lòd se obligasyon.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 452) (653).
Plis (4)
شرح النووي على مسلم (5/ 155).
فتح ذي الجلال والإكرام.
شرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (2/ 254).