Skip to content

Lè nap fè gwo bezwen, pa vire fas bò kote Kibla a, ni pa vire do ba li, men vire fas bò lès oswa bò lwès

Daprè Abu Ayyub al-Ansari (se pou Allah satisfè avè l), Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Lè nou ale pou nou fè bezwen nou, nou pa dwe bay fas nou nan direksyon Qibla a, ni nou pa dwe bay do nou ba li tou. Men, se pou nou vire nan direksyon lès oswa lwès.» Abu Ayyub te di: Lè nou te rive nan peyi Chanm, nou te jwenn twalèt ki te bati nan direksyon Qibla a. Konsa, nou te konn vire kò nou chanje direksyon, epi nou te mande Allah Trèwo a padon.

«إِذَا أَتَيْتُمُ الغَائِطَ فَلاَ تَسْتَقْبِلُوا القِبْلَةَ، وَلاَ تَسْتَدْبِرُوهَا وَلَكِنْ شَرِّقُوا أَوْ غَرِّبُوا» قَالَ أَبُو أَيُّوبَ: فَقَدِمْنَا الشَّأْمَ فَوَجَدْنَا مَرَاحِيضَ بُنِيَتْ قِبَلَ القِبْلَةِ فَنَنْحَرِفُ، وَنَسْتَغْفِرُ اللَّهَ تَعَالَى.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te entèdi moun ki vle fè bezwen li (pise oswa poupou) poul vire fas li bò kote Kibla a (nan direksyon Kaaba a), epi li pa dwe vire do ba li tou pou li metel dèyè dol; okontrè, li dwe vire kòl nan yon lòt direksyon poul fè fas ak lès (bò solèy leve) oswa lwès (bò solèy kouche), si Kibla pal la se menm jan ak Kibla moun vil Medin yo. Aprèsa, Abou Ayoub (se pou Allah satisfè avè l) te fè konnen ke lè yo te rive nan peyi Cham, yo te jwenn twalèt ki te prepare pou moun fè bezwen yo te bati ap fè fas ak Kaaba a. Kidonk, yo te konn vire kò yo kite direksyon Kibla a, epi malgre sa, yo te konn mande Allah padon.

Pami benefis Hadith la

Sajès nan sa se pou onore Kaba sakre a epi respekte li.

Mande padon aprè ou fin soti nan twalèt.

Bèl ansèyman Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li); paske lè li te mansyone sa ki entèdi a, li te gide sou sa ki pèmèt la.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 88) (394).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 224) (264).

Plis (4)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص37).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (1/ 39).