Skip to content

Mwen fè sèman sou Allah ki kenbe nanm Muhammad la, kantite veso (gode) ki genyen la a pi anpil pase kantite zetwal ak planèt ki nan syèl la.

Daprè Abou Dharr (ke Allah satisfè de li), li te di:

Mwen te di: "O Mesaje Allah ,ki sa ki veso basen dlo a (Al-Hawd)?" Li te reponn: "Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm Muhammad nan men li a, veso li yo anpil pase kantite zetwal ak planèt ki nan syèl la, menm jan ak yon nwit ki nwa epi ki klè (kote tout zetwal yo parèt). Yo se veso ki soti nan Paradi a; nenpòt moun ki bwè ladan li pap janm swaf ankò aprèsa. Gen 2 kanal ki soti nan Paradi a kap vide dlo ladan li; moun ki bwè ladan li pap janm swaf. Lajè basen an egal ak longèl, distans ki ant Amman ak Ayla. Dlo a pi blan pase lèt, epi li pi dous pase siwo myèl."

قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ مَا آنِيَةُ الْحَوْضِ؟ قَالَ: «وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ لَآنِيَتُهُ أَكْثَرُ مِنْ عَدَدِ نُجُومِ السَّمَاءِ وَكَوَاكِبِهَا، أَلَا فِي اللَّيْلَةِ الْمُظْلِمَةِ الْمُصْحِيَةِ، آنِيَةُ الْجَنَّةِ مَنْ شَرِبَ مِنْهَا لَمْ يَظْمَأْ آخِرَ مَا عَلَيْهِ، يَشْخَبُ فِيهِ مِيزَابَانِ مِنَ الْجَنَّةِ، مَنْ شَرِبَ مِنْهُ لَمْ يَظْمَأْ، عَرْضُهُ مِثْلُ طُولِهِ، مَا بَيْنَ عَمَّانَ إِلَى أَيْلَةَ، مَاؤُهُ أَشَدُّ بَيَاضًا مِنَ اللَّبَنِ، وَأَحْلَى مِنَ الْعَسَلِ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) fè sèman ke veso basen li a nan Jou Jijman an pi plis pase kantite etwal ak planèt ki nan syèl la, Epi sa a parèt klè nan yon nwit ki nwa kote pa gen lalin; paske nan yon nwit lalin, zetwal yo pa byen vizib paske limyè lalin lan kouvri yo. Epitou, yon nwit kote pa gen nyaj; paske prezans nyaj anpeche nou wè zetwal yo. Epi veso Paradi yo, moun ki bwè nan bwason ki ladan yo pap janm swaf ankò, epi sa ap dènye fwa moun ki bwè a ap santil swaf, Epi basen li a gen 2 kanal ki soti nan Paradi ki vide dlo ladan li, epi lajè li se menm jan ak longè li; Kidonk, Basen oswa Rezèvwa a gen kote ki egal, longè li se ekivalan ak distans ki soti Aman, ki se yon vil nan Balqa nan peyi Cham, rive Ayla, ki se yon vil ki byen koni nan pwent peyi Cham, Dlo Basen an pi blan pase lèt, epi gou li pi dous pase gou siwo myèl.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Konfimasyon (oswa prèv) egzistans basen dlo a (Al-Hawd) ak kalite benediksyon ki ladan li.

Gwosè Basen an oswa Rezèvwa a, longè li, lajè li, ak gwo kantite veso li yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1798) (2300).

Plis (2)

النهاية في غريب الحديث والأثر لابن الأثير (ص55/643/ 469).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (37/ 369).