Skip to content

Allah di : Nenpòt moun ki pran yon pwòch Mwen (yon Waliy) pou lènmi, Mwen deklare lagè kont li. Epi sèvitè Mwen an pa rapwochel de Mwen avèk okenn bagay ki pi chè (ki gen plis valè) pou Mwen pase sa Mwen te rann obligatwa pou li a

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Sètènman, Allah Granmèt la di: Nenpòt moun ki fè lènmi ak yon moun ki pwòch mwen (yon wali), mwen deklare lagè kont li. Epi sèvitèm nan pa pwoche vin jwenn mwen ak okenn bagay mwen pi renmen pase sa mwen rann obligatwa pou li a. Epi sèvitèm nan ap kontinye pwoche vin jwenn mwen atravè zak adorasyon siplemantè (nawafil) yo jiskaske mwen vin renmenl. Lè mwen vin renmenl, mwen tounen zòrèy li tande avèl la, zye li wè avèl la, men li aji avèl la, ak pye li mache avèl la. Epi sil mandem yon bagay, asireman map balil, epi sil chèche pwoteksyon nan mwen, asireman map pwotejel.»

«إنَّ اللَّهَ تَعَالَى قَالَ: مَنْ عَادَى لِي وَلِيًّا فَقْد آذَنْتُهُ بِالحَرْبِ، وَمَا تَقَرَّبَ إلَيَّ عَبْدِي بِشَيْءٍ أَحَبَّ إلَيَّ مِمَّا افْتَرَضْتُ عَلَيْهِ، وما يَزَالُ عَبْدِي يَتَقَرَّبُ إلَيَّ بِالنَّوَافِلِ حَتَّى أُحِبَّهُ، فَإِذَا أَحْبَبْتُهُ كُنْتُ سَمْعَهُ الَّذِي يَسْمَعُ بِهِ، وَبَصَرَهُ الَّذِي يُبْصِرُ بِهِ، وَيَدَهُ الَّتِي يَبْطِشُ بِهَا، وَرِجْلَهُ الَّتِي يَمْشِي بِهَا، وَإِنْ سَأَلَنِي لَأُعْطِيَنَّهُ، وَلَئِنْ اسْتَعَاذَنِي لَأُعِيذَنَّهُ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) fè konnen nan Hadith Qudsi a ke Allah (ki gen tout Pouvwa ak tout Grandè) te di : "Nenpòt moun ki fè youn nan moun ki pwòch Mwen yo (Waliy Mwen yo) ditò, ki fèl fache, epi ki rayi li, Mwen avètil epi Mwen deklare lènmi avèk li." Epi Wali a se: kwayan ki gen krentif pou Allah, epi selon kantite lafwa ak krentif sèvitè a genyen, se konsa lap jwenn pati pal nan amitye ak Allah a. Epi pa gen anyen yon mizilman fè pou li pwoche bò kote Senyè li a ki pi fèl plezi pase sa Li rann obligatwa epi Li enpoze sou li yo, nan fè aksyon obeyisans yo epi evite sak entèdi yo. Epi mizilman an ap kontinye pwoche bò kote Senyè li a nan fè sa ki rekòmande yo (Nafil) ansanm ak sa ki obligatwa yo (Farayid); jiskaske li jwenn renmen Allah. Kidonk, lè Allah renmen li, Allah ap gidel nan 4 manm kò sa yo: Li gide zòrèy li, epi li pa tande anyen lòt pase sa ki fè Allah plezi. Epi lap gide li nan zye li, konsa li pa gade anyen sof sa Allah renmen pou li gade epi Li satisfè ak li. Epi li gidel nan men li konsa li pa fè anyen ak men li esepte sa ki satisfè Allah. Epi Li dirije pye li, konsa li pa mache okenn kote esepte nan sa ki fè Allah plezi, epi li pa fè okenn demach esepte nan sa ki gen byen ladan li. Anplis sa, si li mande Allah yon bagay, Allah ap ba li sa li te mande a, konsa lap vin yon moun Allah toujou reponn lapriyè li. Epi si li chèche refij nan men Allah, epi li kouri jwenn li poul chèche pwoteksyon, senyè toupwisan an ap ba li refij, epi lap pwoteje li kont sa li pè a.

Pami benefis Hadith la

Adis sa a se pami sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte ki soti nan Senyè li a, epi yo relel Hadith Qudsi osinon Ilahi (Divin). Se li menm ki gen pawòl li ak sans li ki soti nan Allah, men li pa gen ladan li karakteristik Koran an ki fè li distenge parapò ak tout lòt yo, tankou fè adorasyon atravè lekti li, ak pwòpte pou li, ak defi a, ansanm ak mirak li a, ak lòt bagay ankò.

Entèdiksyon pou fè zanmi Allah yo mal, ankourajman pou renmen yo, epi rekonèt merit yo.

Lòd ki bay pou nou pran lènmi Allah yo kòm lènmi, ansanm ak entèdiksyon fòmèl ki genyen pou nou pa pran yo kòm alye (oswa pou nou pa gen lwayote ak atachman entim pou yo).

Nenpòt moun ki pretann li se alye Allah san li pa swiv lalwa Li a, li se yon mantè nan reklamasyon li an.

Yo jwenn pwoteksyon Allah lè yo fè obligasyon yo, epi yo kite sa ki entèdi yo.

Pami rezon ki fè Allah renmen sèvitè a epi li reponn priyè li, se lè li fè aksyon siplemantè yo aprè li fin akonpli obligasyon yo, epi li kite bagay ki entèdi yo.

Prèv ki montre onè moun ki pwòch Allah yo ak plas espesyal yo genyen.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 105) (6502).

Plis (14)

الإفصاح عن معاني الصحاح.

ليحيى بن هبيرة (7/ 302).

جامع العلوم والحكم في شرح خمسين حديثا من جوامع الكلم.

لابن رجب (2/ 330).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري.

لمحمود بدر الدين العينى (23/ 88).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي بن سلطان القاري (4/ 1544).

تاج العروس من جواهر القاموس.

للزبيدي (17/ 81).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 59).

مجموع فتاوى ومقالات متنوعة.

لابن باز(8/ 277).