Skip to content

Pa gen youn pami nou ke Allah pa pral pale avèk li ; pap gen okenn entèprèt ant li menm ak Li.

Daprè Adiyy ibn Hatim (se pou Allah satisfè avè l), li di: Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Allah ap pale ak chak grenn moun pami nou, san pa gen okenn entèprèt ant yo. Lap gade sou bò dwat li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; lap gade sou bò gòch li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; epi lap gade devan li epi li pap wè anyen eksepte Dife a fas a fas ak figi li. Kidonk, pwoteje tèt nou kont Dife a, menm si se avèk mwatye yon grenn dat.»

«مَا مِنْكُمْ مِنْ أَحَدٍ إِلَّا سَيُكَلِّمُهُ اللهُ، لَيْسَ بَيْنَهُ وَبَيْنَهُ تُرْجُمَانٌ، فَيَنْظُرُ أَيْمَنَ مِنْهُ فَلَا يَرَى إِلَّا مَا قَدَّمَ، وَيَنْظُرُ أَشْأَمَ مِنْهُ فَلَا يَرَى إِلَّا مَا قَدَّمَ، وَيَنْظُرُ بَيْنَ يَدَيْهِ فَلَا يَرَى إِلَّا النَّارَ تِلْقَاءَ وَجْهِهِ، فَاتَّقُوا النَّارَ وَلَوْ بِشِقِّ تَمْرَةٍ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen chak kwayan pral kanpe devan Allah nan Jou Rezirèksyon an pou kont li, epi Allah, ki Trèwo a, pral pale avèk li san okenn entèmedyè, epi pap gen okenn entèprèt nan mitan yo pou tradwi pawòl la. Lè sa a, lap gade sou bò dwat ak sou bò gòch akòz gwo laperèz li, avèk lespwa poul jwenn yon chemen poul pran pou ka jwenn delivrans anba Dife ki kanpe devan li an. Epi lè li gade sou bò dwat li, li pap wè anyen lòt pase sa li te fè nan bon aksyon, Epi lè li gade sou bò gòch li, li pa wè anyen eksepte sa li te fè nan move aksyon, Epi lèl gade devan li, li pa wè anyen lòt pase dife Lanfè a, epi li paka evitel paske li oblije travèse sou pon As-Sirat la. Aprèsa, li te di (lapè ak benediksyon Allah sou li): Mete yon pwoteksyon ant nou menm ak dife Lanfè a gras avèk lacharite ak bon zèv, menmsi se avèk yon ti bagay tou piti tankou mwatye nan yon dat.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou bay Lacharite menm si se yon ti bagay, adopte bon kalite moral, epi aji avèk dousè ansanm ak pawòl ki janti.

Allah Senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la ap touprè sèvitè li nan Jou Rezirèksyon an, paske pap gen okenn vwal antre yo, ni okenn entèmedyè, ni okenn entèprèt; kidonk, kwayan an dwe fè atansyon pou li pa dezobeyi lòd Mèt li.

Yon moun pa dwe meprize sa li bay kòm charite, menm si li piti, paske se yon pwoteksyon kont Dife a.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 148) (7512).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 703) (1016).

Plis (10)

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين.

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (1/ 476).

نزهة المتقين.

مجموعة من الباحثين (1/ 370).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 201).

بهجة قلوب الأبرار.

عبد الرحمن آل سعدي (ص181).