Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) — li menm ki toujou di laverite epi pawòl li se laverite (oswa Bondye konfime pawòl li) — te rakonte nou sa: "Yo rasanble kreyasyon chak nan nou anndan vant manman li pandan 40 jou ak nwit."
Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li):
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) ; li menm ki toujou di laverite epi pawòl li se laverite ,te rakonte nou sa: "Yo rasanble fòmasyon chak nan nou anndan vant manman li pandan 40 jou ak 40 nwit. Aprèsa, li tounen yon boul san (ki pandye) pandan menm kantite tan an. Apre sa, li tounen yon ti moso chè pandan menm kantite tan an. Apre sa, yo voye yon zanj bò kotel, epi yo ba li lòd poul ekri 4 bagay. Zanj lan ekri: mwayen sibzistans li (sa lap jwenn poul viv), longè lavil, aksyon lap gen pou li fè, epi si lap fini kòm yon moun malere oswa kòm yon moun ere (sove). Lèfini, zanj lan soufle nanm nan nan li. Se konsa, youn nan nou kapab ap fè zèv moun ki prale nan Paradi, jiskaske se sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak Paradi a; men sak te deja ekri nan desten li an akonpli, lal fè zèv moun ki prale nan Lanfè, epi li antre nan Lanfè. Epi, youn nan nou kapab ap fè zèv moun ki prale nan Lanfè, jiskaske se sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak Lanfè a; men sak te deja ekri nan desten li an akonpli, lal fè zèv moun ki prale nan Paradi, epi li antre nan Paradi." »
حَدَّثَنَا رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ وَهُوَ الصَّادِقُ المَصْدُوقُ: «أَنَّ خَلْقَ أَحَدِكُمْ يُجْمَعُ فِي بَطْنِ أُمِّهِ أَرْبَعِينَ يَوْمًا وَأَرْبَعِينَ لَيْلَةً، ثُمَّ يَكُونُ عَلَقَةً مِثْلَهُ، ثُمَّ يَكُونُ مُضْغَةً مِثْلَهُ، ثُمَّ يُبْعَثُ إِلَيْهِ المَلَكُ، فَيُؤْذَنُ بِأَرْبَعِ كَلِمَاتٍ، فَيَكْتُبُ: رِزْقَهُ وَأَجَلَهُ وَعَمَلَهُ وَشَقِيٌّ أَمْ سَعِيدٌ، ثُمَّ يَنْفُخُ فِيهِ الرُّوحَ، فَإِنَّ أَحَدَكُمْ لَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ الجَنَّةِ حَتَّى لاَ يَكُونُ بَيْنَهَا وَبَيْنَهُ إِلَّا ذِرَاعٌ، فَيَسْبِقُ عَلَيْهِ الكِتَابُ، فَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ النَّارِ فَيَدْخُلُ النَّارَ، وَإِنَّ أَحَدَكُمْ لَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ النَّارِ حَتَّى مَا يَكُونُ بَيْنَهَا وَبَيْنَهُ إِلَّا ذِرَاعٌ، فَيَسْبِقُ عَلَيْهِ الكِتَابُ، فَيَعْمَلُ عَمَلَ أَهْلِ الجَنَّةِ فَيَدْخُلُهَا».
Ibn Mas'oud te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te rakonte nou, epi li se moun ki di laverite nan pawòl li, ak moun yo di laverite a paske Allah, Trèwo a, te dil laverite, Li di: Vrèmanvre, yo rasanble kreyasyon chak moun pami nou, sa vle di, lè yon gason al jwenn madanm li, semans li ki gaye a vin rasanble nan vant fi a pandan 40 jou kòm yon gout semans, Aprèsa , li vin tounen yon «Alaqah», ki se yon san epè ki kaye, epi sa fèt nan dezyèm 40 jou a, Aprèsa, li vin yon 'Moudghah', sa vle di: yon moso vyann gwosè sa yo ka moulen, epi sa a se nan twazyèm karant (40) jou yo, Aprèsa Allah voye zanj lan kote li, epi li soufle nanm nan ladan li aprè fen twazyèm 40 jou a, Epi yo mande zanj lan pou li ekri 4 mo, ki se: pwovizyon li, sa vle di kantite benediksyon lap jwenn nan lavi li, Epi longè lavil, ki se kantite tan lap gen poul pase sou tè a, Epi zèv li, kisa li ye? Epi èske lap malere oswa lap gen kè kontan. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè sèman ke yon moun kapab ap fè aksyon moun Paradi yo, epi aksyon li fè a bon, sa vle di daprè sa ki parèt devan zye moun. Epi lap rete konsa jiskaske se distans yon bra sèlman ki rete ant li menm ak Paradi a, sa vle di: pa gen anyen ki rete pou li rive ladan li eksepte tankou yon moun ki gen sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak yon kote sou tè a. Men, sa ki te ekri nan Liv la ak sa ki te destine pou li a vin dominel, alòs, nan moman sa a, li fè aksyon moun lanfè yo, epi lavi li fini ak sa, konsa li antre nan lanfè; Paske kondisyon pou zèv li yo aksepte, se pou li rete fèm sou yo san li pa chanje wout. Epi yon lòt moun kapab ap fè zèv moun ki prale nan Lanfè, jiskaske li vin tèlman pwòch pou li antre ladan li, kòmsi se sèlman distans yon bra ki rete ant li menm ak Lanfè a. Men, sa ki te deja ekri nan liv desten li an akonpli sou li, li vin ap fè zèv moun ki prale nan Paradi, epi li antre nan Paradi.
...:
Alafen, rezilta tout bagay ap toujou akonpli daprè sa ki te deja dekrete ak sa ki te deja fikse nan desten an.
Yon avètisman pou nou pa twonpe tèt nou ak aparans zèv yo; paske sa ki pi enpòtan se jan yon moun fini (sa ki konte se dènye aksyon yon moun anvan li mouri).
Sahih Al-Bukhari (9/ 135) (7454).
(4/ 111) (3208).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2036) (2643).
Plis (2)
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (15/ 130).
شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 84).