السؤال
س١٢: ما هو خلق التعاون؟
Kesyon 12: Kisa bon karaktè koperasyon an ye?
الجواب
ج:هو تعاون الناس فيما بينهم على الحق والخير.
صور التعاون:
- التعاون في رد الحقوق.
- التعاون في رد الظالم.
- التعاون في سد حاجات الناس والمساكين.
- التعاون على كل خير.
- عدم التعاون على الإثم والأذى والعدوان.
- قال تَعَالَى:
﴿وَتَعَاوَنُواْ عَلَى ٱلۡبِرِّ وَٱلتَّقۡوَىٰۖ وَلَا تَعَاوَنُواْ عَلَى ٱلۡإِثۡمِ وَٱلۡعُدۡوَٰنِۚ وَٱتَّقُواْ ٱللَّهَۖ إِنَّ ٱللَّهَ شَدِيدُ ٱلۡعِقَابِ﴾
[المائدة: ٢].
- قال النبي عَلَيْهِ الصَّلَاةُ وَالسَّلَامُ:
«المُؤْمِنُ لِلْمُؤْمِنِ كالْبُنْيانِ؛ يَشُدُّ بَعْضُه بَعْضًا»
متفق عليه.
- وقال النبي عَلَيْهِ الصَّلَاةُ وَالسَّلَامُ:
«المُسْلِمُ أَخُو المُسْلِمِ، لا يَظلِمُه، ولا يُسْلِمُه، ومَن كان في حاجةِ أَخِيهِ، كان اللهُ في حاجَتِه، ومَن فَرَّجَ عن مُسْلِمٍ كُرْبَةً، فَرَّجَ اللهُ عَنهُ كُرْبَةً مِن كُرُباتِ يَومِ القِيامةِ، ومَن سَتَرَ مُسْلِمًا، سَتَرَهُ اللهُ يَومَ القِيامةِ»
c: Li se koperasyon moun yo youn ak lòt nan laverite ak sa ki byen.
Fòm koperasyon yo:
- Koperasyon nan remèt dwa yo.
- Koperasyon nan repouse moun kap fè mechanste yo.
- Koperasyon nan konble bezwen moun yo ak moun ki pòv yo.
- Koperasyon nan tout sa ki byen.
- Pa mete tèt ansanm pou fè peche, pou fè mal, ak pou fè mechanste.
Men sa senyè toupwisan an di:
Se pou nou younn ede lòt nan fè sa ki byen ak nan obeyi Allah; men, pa janm mete tèt nou ansanm pou nou fè peche oswa pou nou fè mechanste. Respekte Allah ak tout kè nou, paske Allah sevè anpil lè lap bay pinisyon.
[Sourat Al-Ma'idah: 6]
Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Yon kwayan pou yon lòt kwayan se tankou yon bilding; youn ap ranfòse lòt»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Yon mizilman se frè yon lòt mizilman, li pa fè li enjistis, ni li pa abandone li, epi moun ki ede frè li nan bezwen li, Allah ap ede li nan bezwen pa li, epi moun ki soulaje yon mizilman anba yon difikilte, Allah ap soulaje li anba youn nan difikilte Jou Jijman an, epi nenpòt moun ki kouvri yon mizilman, Allah ap kouvri li nan Jou Jijman an»