Skip to content

Mwen rekòmande nou pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi, menm si se yon esklav abisini (Etyopyen) ki ta dirije nou. Paske, aprèm fin ale, nap wè gwo divizyon (diskisyon ak dezakò). Kidonk, nou dwe swiv tradisyon mwen an (Sunnah) ak tradisyon kalif ki byen gide yo (Al-Khulafa' ar-Rashidun).

Daprè Al-Irbad ibn Sariyah, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Yon jou, Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te leve kanpe devan nou, li te fè nou yon prèch ki pwisan anpil, ki te fè kè nou tranble epi ki te fè nou kriye. Yo te dil: 'O Mesaje Allah, se tankou si se te dènye prèch ou tap fè nou an, kidonk ba nou yon rekòmandasyon.' Li te di: 'Mwen rekòmande nou pou nou gen krentif pou Allah ,pou nou koute epi obeyi, menm si se yon esklav abisini (Etyopyen) ki ta dirije nou. Paske, aprèm fin ale, nap wè gwo divizyon, kidonk nou dwe swiv tradisyon mwen an (Sunnah) ak tradisyon kalif ki byen gide yo. Kenbe yo byen fèm avèk dan nou, epi pran prekosyon ak bagay ki fèk parèt yo (inovasyon nan relijyon), paske chak inovasyon se yon devyasyon (erè).

قام فينا رسول الله صلى الله عليه وسلم ذات يوم، فوَعَظَنا مَوعظةً بليغةً وَجِلتْ منها القلوبُ، وذَرَفتْ منها العيونُ، فقيل: يا رسول الله، وعظتَنَا موعظةَ مُودِّعٍ فاعهد إلينا بعهد. فقال: «عليكم بتقوى الله، والسمع والطاعة، وإن عبدًا حبشيًّا، وسترون من بعدي اختلافًا شديدًا، فعليكم بسنتي وسنة الخلفاء الراشدين المهديين، عَضُّوا عليها بالنواجِذ، وإياكم والأمور المحدثات، فإن كل بدعة ضلالة».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon diskou pou konpayon li yo ki te touche yo anpil; kè yo te sote epi dlo te koule nan zye yo, Lè sa a, yo di: 'O Mesaje Allah ! Diskou sa a sanble ak diskou yon moun kap di orevwa', akòz jan yo te wè li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te ensiste anpil nan diskou a, konsa yo te mande yon rekòmandasyon pou yo te ka kenbe fèm avèl aprè li, Li di: Mwen konseye nou pou nou gen krentif pou Allah (Taqwa), ki vle di: fè sa ki obligatwa yo epi kite sa ki entèdi yo, Epi koute epi obeyi, sa vle di: pou chèf yo . Menm si yon esklav ta vin chèf sou nou oswa li ta pran pouvwa a sou nou, sa vle di si menm moun ki nan nivo ki pi ba nan sosyete a ta vin chèf nou, pa meprize sa epi obeyi li, pou evite koze dezòd (fitna). Paske, nenpòt moun nan nou ki viv aprèm, lap wè anpil divizyon. Aprèsa, li te montre yo kòman pou yo soti nan dezakò sa a, e sa se lè yo kenbe fèm ak chemen li an (Sounna li) ansanm ak chemen Chèf (Khalif) ki byen gide yo ki vin aprèl yo, Abou Bakr As-Siddiq, Oumar ibn al-Khattab, Ousman ibn Affan, epi Ali ibn Abi Talib, (se pou Allah kontan ak yo tout), epi mòde ladan li ak tout fòs dan dèyè yo -ki vle di dènye dan yo-: sa vle di pran sa trè oserye pou toujou rete sou Sounna a epi kenbel fèm, Epi li te avèti yo kont bagay ki fèk parèt yo (inovasyon) ki te ajoute nan relijyon an, paske chak inovasyon se yon devyasyon (erè).

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Enpòtans pou moun kenbe fèm nan Sounnah a epi swiv li.

Bay konsèy (ansèyman moral) enpòtans epi travay pou adousi kè yo.

Lòd pou swiv 4 Kalif ki te sou chemen dwat yo epi ki te byen gide yo aprè li, yo se: Abou Bakr, Oumar, Ousman ak Ali (se pou Allah kontan ak yo).

Entèdiksyon pou fè inovasyon nan relijyon an, epi ke tout inovasyon se yon pèdi chemen.

Koute epi obeyi moun ki responsab zafè kwayan yo, depi sa pa nan dezobeyisans (kont lòd Allah).

Enpòtans lakrentif pou Allah ki gen tout pouvwa ak majeste a nan tout tan ak tout sikonstans.

Dezakò se yon bagay ki pral rive nan kominote sa a , epi lè sa rive, li nesesè pou retounen nan tradisyon (Sunnah) Mesaje Allah a (ke Lapè ak benediksyon Allah poze sou li) ak sa ki nan Kalif ki byen gide yo.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 16) (4607).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 408) (2676).

Sounna Ibn Majah (1/ 28) (42).

Mousnad Ahmad (28/ 367) (17142).

Plis (4)

Karant (40) Hadith pa Al-Nawawi (ص: 89) (ح28).

تحفة الأحوذي (7/ 366).

عون المعبود وحاشية ابن القيم (12/ 235).

شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 278).