Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a, epi aprèsa, mande benediksyon pou mwen (nan lapriyè sou Pwofèt la).
Soti nan 'Abdullah ibn 'Amr ibn al-'As (ke Allah kontan avè l), li te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
«إِذَا سَمِعْتُمُ الْمُؤَذِّنَ فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ، ثُمَّ صَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّهُ مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا، ثُمَّ سَلُوا اللهَ لِيَ الْوَسِيلَةَ، فَإِنَّهَا مَنْزِلَةٌ فِي الْجَنَّةِ، لَا تَنْبَغِي إِلَّا لِعَبْدٍ مِنْ عِبَادِ اللهِ، وَأَرْجُو أَنْ أَكُونَ أَنَا هُوَ، فَمَنْ سَأَلَ لِيَ الْوَسِيلَةَ حَلَّتْ لَهُ الشَّفَاعَةُ».
« Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay enstriksyon pou nenpòt moun ki tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin nan) poul repete sal di a, eksepte lè li di "Hayya 'alas-salah" ak "Hayya 'alal-falah" (vini nan lapriyè a, vini nan siksè a); nan ka sa yo, li dwe di: "La hawla wa la quwwata illa billah" (Pa gen okenn chanjman ni okenn fòs eksepte nan Allah). Aprèsa , li dwe mande benediksyon pou Pwofèt la (salla Allahu 'alayhi wa sallam) apre apèl la fini, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou li yon sèl fwa, Bondye ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, siyifikasyon benediksyon Allah a sou sèvitè li a se lwanj li fè pou sèvitè a devan zanj yo. » Aprèsa , li te bay lòd pou nou mande Allah al-Wasilah pou li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li). Sa a se yon pozisyon nan Paradi a, epi se pozisyon ki pi wo a. Pozisyon sa a pa apwopriye e li pa aksesib pou okenn lòt moun pase yon sèl sèvitè pami tout sèvitè Allah Toupwisan an. Pwofèt la te di: "Mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li." Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di sa ak imilite; paske si pozisyon wo sa a se pou yon sèl moun sèlman, moun sa a pa ka lòt moun pase li menm (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), paske li se pi bon nan tout kreyati yo. Aprèsa, li te esplike (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ke moun ki priye pou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou mande Al-Wasilah pou li, ap jwenn entèsesyon li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).
...:
Ankourajman pou nou repete sa moun kap fè apèl la (Muezzin nan) ap di a.
Benefis ak merit ki genyen nan mande benediksyon sou Pwofèt la (salla Allahu 'alayhi wa sallam) aprè nou fin reponn apèl Muezzin nan.
Ankourajman pou mande "Al-Wasilah" pou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) aprè yo fin fè lapriyè sou li.
Eksplikasyon sou siyifikasyon al-Wasilah ak gwo enpòtans li, paske li se yon pozisyon ki pa apwopriye pou okenn lòt moun pase yon sèl sèvitè.
Eksplikasyon sou gwo onè (favè) Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) genyen, paske se li menm sèl ki te resevwa privilèj pozisyon wo sa a (al-Wasilah).
Nenpòt moun ki mande Allah — ki anwo nan syèl la — Wasilah a pou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), entèsesyon an ap vin garanti pou li.
Eksplikasyon sou imilite Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), paske li te mande kominote li a pou yo lapriyè pou li jwenn pozisyon sa a, menm si li konnen se pou li lap ye.
Grandè favè ak mizèrikòd Allah; paske yon bon aksyon (hasana) gen yon rekonpans ki miltipliye pa 10.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 288) (384).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (9/ 111 (9/ 109).
المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (2/ 13).
Cited in books
20 Books- Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yoLè nou tande muezzin nan, repete menm sa lap di a. Aprèsa, mande benediksyon pou mwen (salat ala nabi); paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap ba li dis (10) benediksyon pou sa. Aprèsa, mande Allah pou li ban
- Gid pratik pou chak MizilmanNenpòt moun ki voye yon sèl salitasyon (priyè) sou mwen, Allah ap vide 10 benediksyon sou li pou sa.
- Fòterès Mizilman an : Priyè ak rapèl ki soti nan Koran an ak nan Sounna aحصن المسلم«Nenpòt moun ki voye yon sèl salitasyon (priyè) sou mwen, Allah ap vide 10 benediksyon sou li pou sa.»[265].
Plis (17)
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الأول)«مَن صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا»
- الخطب المنبرية موسوعة الخطب المنبرية (القسم الثاني)«مَنْ صَلَّىٰ عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا»
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الثالث)«مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا»
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الثالث)«مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا»
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"من صلى عليَّ صلاة صلى الله عليه بها عشراً" .
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا سَمِعْتُمُ الْمُؤَذِّنَ، فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ ثُمَّ صَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّهُ مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى الله عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا، ثُمَّ سَلُوا اللهَ لِيَ الْوَسِيلَةَ، فَإِنَّهَا مَنْزِلَةٌ فِي الْجَنَّةِ، لَا تَ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا سَمِعْتُمُ الْمُؤَذِّنَ، فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ ثُمَّ صَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّهُ مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى الله عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا، ثُمَّ سَلُوا اللهَ لِيَ الْوَسِيلَةَ، فَإِنَّهَا مَنْزِلَةٌ فِي الْجَنَّةِ، لَا تَ
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“إذا سمعتم المؤذن فقولوا مثل ما يقول، ثم صلوا عليّ، فإنه من صلى عليّ صلاة صلى الله عليه بها عشرا، ثم سلوا الله لي الوسيلة؛ فإنها منزلة في الجنة، لا تنبغي إلا لعبد من عباد الله، وأرجو أن أكون أنا هو، فمن سأل لي الوسيلة حلت له الشفاعة”.
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«إِذَا سَمِعْتُمُ الْمُؤَذِّنَ، فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ ثُمَّ صَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّهُ مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى الله عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا، ثُمَّ سَلُوا اللهَ لِيَ الْوَسِيلَةَ، فَإِنَّهَا مَنْزِلَةٌ فِي الْجَنَّةِ، لَا تَ
- رسالة في الأذكار1«إِذَا سَمِعْتُمُ المُؤَذِّنَ فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ، ثُمَّ صَلُّوا عَلَيّ؛ فَإِنَّهُ مَنْ صَلَّى عَلَيّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا، ثُمَّ سَلُوا اللهَ لِيَ الْوَسِيلَةَ؛ فَإِنَّهَا مَنْزِلَةٌ فِي الجَنَّةِ لَا تَنْبَ
- رسالة في الأذكار1«مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا».
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 5«إذا سَمِعْتُمُ المُؤَذِّنَ فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ، ثُمَّ صَلُّوا عَلَيَّ، فَإنَّهُ مَنْ صلَّىٰ عَلَيَّ صلاةً صَلَّىٰ اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْراً، ثُمَّ سَلُوا اللهَ لِيَ الْوَسِيلَةَ، فَإنَّهَا مَنْزِلَةٌ في الجَنَّةِ لا تَنْبَغِي إ
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 7«مَنْ صلَّىٰ عليَّ صلاةً صلَّىٰ اللهُ عليه بها عَشْراً».
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)2«من صلى عليَّ صلاةً صلّى الله عليه بها عشرًا».
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)مجموعة زاد الفقه (1)«إِذَا سَمِعْتُمْ الْمُؤَذِّنَ فَقُولُوا مِثْلَ مَا يَقُولُ ثُمَّ صَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّهُ مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى الله عَلَيْهِ بِهَا عَشْراً، ثُمَّ سَلُوا الله لِي الْوَسِيلَةَ فَإِنَّهَا مَنْزِلَةٌ فِي الْجَنَّةِ لَا تَنْبَغ
- مشروع منهاج زادكزادك 3 طالب نهائي«مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا»
- نبراس طالب (1)1«مَنْ صَلَّى عَلَيَّ صَلَاةً صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ بِهَا عَشْرًا»