Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
«Nenpòt moun ki di lè li tande Mouwazin(apèl pou lapriyè a) an: Mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye, epi ke Mouhammad se sèvitè Li epi Mesaje Li, mwen satisfè ak Allah kòm Senyè, ak Mouhammad kòm Mesaje, epi ak Islam kòm relijyon, yap padone peche li».
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Lè nou tande apèl la (Azàn nan), di menm sa muezzin an ap di a. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«O Bilal, tabli lapriyè a, ban nou repo ak li.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud
« Ant chak 2 apèl (Azàn ak Ikama) gen yon lapriyè; ant chak 2 apèl gen yon lapriyè. » Aprèsa, li di nan twazyèm fwa a: « Pou moun ki vle. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Si Muezzin nan di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), epi youn nan nou repete: "Allahu Akbar, Allahu Akbar". Lèl di: "Ash-hadu an la ilaha illa Allah" (Mwen temwanye ke pa gen lòt dye eksepte Allah), moun nan reponn: "Ash-hadu an la ilaha illa Allah". Lèl di: "Ash-hadu anna Muhammadan Rasoul Allah" (Mwen temwanye ke Muhammad se mesaje Allah a), moun nan reponn: "Ash-hadu anna Muhammadan Rasoul Allah". Lèl di: "Hayya 'alas-salah" (Vini pou lapriyè), moun nan reponn: "La hawla wa la quwwata illa billah" (Pa gen okenn chanjman ak okenn fòs eksepte nan Allah). Lèl di: "Hayya 'alal-falah" (Vini pou siksè), moun nan reponn: "La hawla wa la quwwata illa billah". Lèl di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), moun nan reponn: "Allahu Akbar, Allahu Akbar". Lèl di: "La ilaha illa Allah" (Pa gen okenn dye eksepte Allah), moun nan reponn: "La ilaha illa Allah" ak senserite nan kè li, moun sa a ap antre nan Paradi a. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
Sahih Rapòte pa Mouslim