Pa dwe gen fè mal, ni pa dwe gen reponn mal ak mal. Nenpòt moun ki fè lòt moun mal, Allah ap fèl mal, epi nenpòt moun ki mete difikilte sou lòt moun, Allah ap mete difikilte sou li tou.
Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pa gen fè mal, ni reponn mal pou mal, moun ki fè mal, Allah ap fèl mal, epi moun ki mete difikilte, Allah ap mete difikilte pou li.»
«لَا ضَرَرَ وَلَا ضِرَارَ، مَنْ ضَارَّ ضَرَّهُ اللَّهُ، وَمَنْ شَاقَّ شَقَّ اللَّهُ عَلَيْهِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre aklè ke se yon devwa pou repouse mal sou tout fòm li ak sou tout aparans li, kit se lwen pwòp tèt pa nou oswa lwen lòt moun. Kidonk, pèsonn pa gen dwa fè pwòp tèt li mal oswa fè lòt moun mal menm jan an. Epi li pa gen dwa reponn yon mal avèk yon lòt mal; paske yo pa elimine yon mal avèk yon mal, eksepte sou fòm represay legal (kisas) san depase limit. Aprèsa, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouri li) te fè konnen byen klè avètisman an: mal ap rive moun ki fè moun mal, epi difikilte ap rive moun ki rann bagay yo difisil pou moun.
...:
Entèdiksyon pou tire revanj oswa pini ak yon bagay ki pi gran pase ekivalan mal ou te sibi a.
Allah pa janm bay sèvitèl yo lòd pou yo fè okenn bagay ki ap fè yo mal.
Entèdiksyon pou fè mal oswa reponn mal ak mal, kit se nan pawòl, nan aksyon, oswa nan omisyon (lè w pa aji).
Rekonpans lan se menm jan ak aksyon an. Konsa, nenpòt moun ki fè lòt moun ditò, Allah ap fèl ditò, epi nenpòt moun ki bay lòt moun difikilte, Allah ap bal difikilte.
Pami prensip Charya a (Lalwa Islamik): 'Yo dwe elimine domaj'. Kidonk, Charya a pa apwouve (ni tolere) domaj, epi li kondane zak fè lòt moun ditò.
Sounna Al-Daraqutni (4/ 51) (3079).
Plis (5)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص74).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص325).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص112).