Nou tout se gadyen, epi nou responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo,
Daprè Abdullah bin Umar (se pou Allah satisfè ak yo tou 2) , Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Nou tout se gadyen, epi nou responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo, epi dirijan ki alatèt moun yo se yon gadyen, epi li responsab pou yo, epi gason an se yon gadyen pou moun nan kay li, epi li responsab pou yo, epi fanm nan se yon gadyen pou kay mari li ak pitit li, epi li responsab pou yo, epi esklav la se yon gadyen pou byen mèt li, epi li responsab pou li. Konnen sa byen, nou tout se gadyen, epi nou tout responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo. »
«كُلُّكُمْ رَاعٍ فَمَسْئُولٌ عَنْ رَعِيَّتِهِ، فَالأَمِيرُ الَّذِي عَلَى النَّاسِ رَاعٍ وَهُوَ مَسْئُولٌ عَنْهُمْ، وَالرَّجُلُ رَاعٍ عَلَى أَهْلِ بَيْتِهِ وَهُوَ مَسْئُولٌ عَنْهُمْ، وَالمَرْأَةُ رَاعِيَةٌ عَلَى بَيْتِ بَعْلِهَا وَوَلَدِهِ وَهِيَ مَسْئُولَةٌ عَنْهُمْ، وَالعَبْدُ رَاعٍ عَلَى مَالِ سَيِّدِهِ وَهُوَ مَسْئُولٌ عَنْهُ، أَلاَ فَكُلُّكُمْ رَاعٍ وَكُلُّكُمْ مَسْئُولٌ عَنْ رَعِيَّتِهِ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Bondye sou li) fè konnen ke chak Mizilman nan sosyete a gen yon responsabilite pou li veye sou li epi asime li, Konsa, lidè a (imam nan) ak chèf la se yon bèje (responsab) pou sa Allah mete sou kont li a; li gen devwa pou prezève lwa relijye yo, pwoteje yo kont moun kap fè yo enjistis, lite kont lènmi yo, epi pa janm gaspiye dwa yo. Epi gason an, pami moun nan kay li, gen obligasyon pou li pran swen yo nan asire depans yo, byen trete yo, anseye yo, epi edike yo, Epi fanm lan nan kay mari li se yon gadyen nan byen jere kay li, ak elve pitit li yo, epi li responsab pou sa, Epi sèvitè ki esklav la ak travayè a responsab pou byen mèt li, nan pwoteje sa ki nan menl ladan l, epi fè sèvis li, epi li responsab pou sa, Epi chak moun se yon gadyen pou sa ki sou responsabilite li, epi chak moun responsab pou moun ki sou responsabilitel yo.
...:
Responsabilite nan sosyete Mizilman an se jeneral, epi chak moun selon nivo li, kapasite li, ak responsabilite li.
Grandè responsabilite fanm nan, epi sa se nan akonpli dwa kay mari li ak devwa li anvè pitit li yo.
Sahih Al-Bukhari (3/ 150) (2554).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1459) (1829).
Plis (4)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 369).
إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري.
القسطلاني (4/ 326).