Skip to content

Allah toupwisan an ap di moun ki nan Lanfè kap resevwa pinisyon ki pi piti a nan Jou Jijman an: «Siw te posede tout sa ki sou latè, èskew ta bay li kòm ranson pou sove tèt ou?» Lè sa a, moun nan ap reponn: «Wi.»

Daprè Anas ibn Malik (se pou Allah satisfè avè l), li rapòte de Pwofèt la (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li) ki di:

Allah Toupwisan an ap di moun ki nan Lanfè kap resevwa pinisyon ki pi piti a nan Jou Jijman an: «Siw te posede tout sa ki sou latè, èskew ta bay li kòm ranson pou sove tèt ou?» Lè sa a, lap reponn: «Wi.» Lè sa a Allah ap dil: «Mwen te mandew yon bagay ki pi senp pase sa lontan depi lèw te nan ren Adan: pouw pat mete okenn asosye avèm nan adorasyon an, men ou te refize e ou te pèsiste pouw mete lòt dye ansanm avèm.»

«يَقُولُ اللَّهُ تَعَالَى لِأَهْوَنِ أَهْلِ النَّارِ عَذَابًا يَوْمَ القِيَامَةِ: لَوْ أَنَّ لَكَ مَا فِي الأَرْضِ مِنْ شَيْءٍ أَكُنْتَ تَفْتَدِي بِهِ؟ فَيَقُولُ: نَعَمْ، فَيَقُولُ: أَرَدْتُ مِنْكَ أَهْوَنَ مِنْ هَذَا، وَأَنْتَ فِي صُلْبِ آدَمَ: أَلّاَ تُشْرِكَ بِي شَيْئًا، فَأَبَيْتَ إِلَّا أَنْ تُشْرِكَ بِي».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke Allah, Trèwo a, ap di moun ki gen chatiman ki pi lejè pami moun lanfè yo, aprèl fin antre ladan li: « Si lemond ak tout sa ki ladan le te pou ou, èskew tap bay li kòm ranson pouw sove tèt ou anba chatiman sa a ? » Epi li di: Wi, Lè sa a, Allah ap di: Mwen te mandew epi Mwen te baw lòd fè yon bagay ki pi fasil pase sa, lè yo te pran angajman avèw pandan ou te nan ren Adan an: pouw pa asosye anyen avèk Mwen; men ou te refize, epi lè Mwen te mennen ou nan mond lan, ou pat fè anyen lòt esepte asosye lòt dye avèk mwen

Pami benefis Hadith la

Grandè ak merite inisite Allah a (Tawhid), ansanm ak jan li fasil pou metel an pratik.

Danje bay Allah asosye ak konsekans li.

Allah te pran yon angajman (kontra) nan men pitit Adan yo, pandan yo te nan rèl do papa yo, Adan, pou yo pa asosye okenn patnè avèk Li (pou yo pa fè Shirk).

Avètisman kont fè asosyasyon ak Allah (Shirk), epi konesans ke tout lemond antye pap ka sèvi moun ki pa kwayan an (Kafir) anyen ditou nan Jou Jijman an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 115) (6557).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2160) (2805).

Plis (6)

عمدة القاري شرح صحيح البخاري.

لبدر الدين العيني (15/ 213).

معجم اللغة العربية المعاصرة.

لأحمد مختار(2/ 1311).

معارج القبول بشرح سلم الوصول إلى علم الأصول.

لحافظ الحكمي (1/ 96).