Sètènman, pami siy Lè a(jou jijman an) : yap retire konesans lan, inyorans ap ogmante, Zina (fònikasyon ak adiltè) ap ogmante, bwè Khamr (alkòl) ap ogmante, kantite gason ap diminye, epi kantite fanm ap ogmante, jiskaske senkant (50) fanm ap gen yon sèl gason kòm responsab.
Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di: M ap rakonte nou yon hadith mwen te tande nan men Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ke pa gen okenn lòt moun apa mwen kap rakonte nou li: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:
«Sètènman, pami siy Lè a(jou jijman an) : konesans lan ap disparèt, inyorans ap ogmante, ap gen anpil Zina (fònikasyon ak adiltè), moun ap bwè anpil alkòl, kantite gason ap diminye, epi kantite fanm ap ogmante, jiskaske se yon sèl gason ki pral responsab pou pran swen senkant (50) fanm.»
«إِنَّ مِنْ أَشْرَاطِ السَّاعَةِ أَنْ يُرْفَعَ العِلْمُ، وَيَكْثُرَ الجَهْلُ، وَيَكْثُرَ الزِّنَا، وَيَكْثُرَ شُرْبُ الخَمْرِ، وَيَقِلَّ الرِّجَالُ، وَيَكْثُرَ النِّسَاءُ حَتَّى يَكُونَ لِخَمْسِينَ امْرَأَةً القَيِّمُ الوَاحِدُ».
Pwofèt la (ke Allah beni epi ba li kè poze) te fè konnen youn nan siy ki montre Jou Jijman an pwòch, se lè konesans sou lwa relijye a (Sharia) ap disparèt, epi sa ap rive akòz lanmò savan yo. Kòm rezilta sa, inyorans ap vin pi plis epi lap gaye, fònikasyon ak imoralite ap gaye, bwè bweson ki fè moun sou ap ogmante, kantite gason ap diminye epi kantite fanm ap ogmante; jiskaske ap vin gen yon sèl gason pou senkant (50) fanm, kap gen reskonsablite pou okipe zafè yo epi veye sou enterè yo.
...:
Esplikasyon sou kèk siy kap anonse lafen tan an (Jou Jijman an).
Konesans sou lè "Jou Jijman an" (as-Sa'ah) rive se youn nan bagay ki nan domèn enkoni (gheyb), ke Allah rezève pou tèt li sèlman.
Ankourajman pou chèche aprann konesans relijye (Sharia) anvan li disparèt.
Sahih Al-Bukhari (7/ 37) (5231).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2056) (2671).
Plis (2)
فتح الباري لابن حجر (9/ 330).
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (20/ 213).