At-Tiyarah (sipèstisyon / kwè nan move siy) se chirk (bay Allah patnè), At-Tiyarah se chirk, At-Tiyarah se chirk — li repete sa 3 fwa — epi pa gen yonn nan nou ki pa konn santi sa (nan kèl pafwa), men Allah ki gen Pouvwa ak Majeste fè sa ale avèk Tawakkul (lè moun nan mete tout konfyans li nan Li sèl).
Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), bò kote Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«Kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, -(3 fwa)-», epi pa gen okenn pami nou ki pa (santi yon ti bagay konsa), men Allah, Li menm ki gen tout pouvwa a, Li menm ki gen gwo majeste a, fèl ale lè nou mete konfyans nou nan Li.
«الطِّيَرَةُ شِرْكٌ، الطِّيَرَةُ شِرْكٌ، الطِّيَرَةُ شِرْكٌ، -ثلاثًا-»، وَمَا مِنَّا إِلَّا، وَلَكِنَّ اللهَ عَزَّ وَجَلَّ يُذْهِبُهُ بِالتَّوَكُّلِ.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont move prezaj, ki se gen pesimis (toujou wè tout bagay sou plan negatif) sou nenpòt bagay, kit se yon bagay ou tande oswa ou wè, tankou nan zwazo, zannimo, moun ki gen andikap, chif, jou, oswa nenpòt lòt bagay konsa. Rezon ki fè li mansyone zwazo, se paske se sa ki te pi popilè nan epòk inyorans lan (Djayiliya), e nan orijin li, pratik la se te lage zwazo lè yap kòmanse yon aktivite tankou vwayaj, komès, oswa lòt ankò. Konsa, si zwazo a vole sou bò dwat, moun nan wè sa kòm yon bon presaj epi li kontinye al fè sal te vle a, epi sil vole sou bò gòch, li wè sa kòm yon move presaj epi li anile sal te gen entansyon fè a. Epi li fè konnen ke se asosyasyon (Chirk), epi sèl rezon ki fè move presantiman se yon asosyasyon (Chirk); se paske pa gen lòt ki pote sa ki bon eksepte Allah, epi pa gen lòt ki repouse sa ki mal eksepte Allah, Li menm sèl san Li pa gen okenn asosye. Ibn Mas'oud (Se pou Allah satisfè avè l) te mansyone ke li ka rive pou yon ti santiman pesimis parèt nan kè yon Mizilman, men se pou li repouse sa lè li mete tout konfyans li nan Allah, pandan lap pran mwayen ki nesesè yo.
...:
Sipèstisyon se yon asosyasyon; paske ladan li kè a atache ak yon lòt pase Allah.
Enpòtans pou yo repete sijè enpòtan yo, pou moun kapab memorize yo epi pou yo rete chita nan kè yo.
Mete konfyans nan Allah fè sipèstisyon (kwayans nan move siy yo) disparèt.
Lòd pou mete konfyans nan Allah sèlman, epi atache kè a ak Li, glwa pou li.
Sounna Abou Dawoud (6/ 54) (3915).
Sounna Ibn Majah (4/ 560) (3538).
Sounna At-Tirmidhi (3/ 258) (1614).
Mousnad Ahmad (6/ 213) (3687).
Plis (4)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص259).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص233).