Mwen pa kite aprè mwen okenn eprèv (tantasyon) ki pi dousman oubyen ki pi danjere pou gason yo pase fanm.
Soti bò kote Ousama ibn Zayd (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
« Mwen pa kite aprè mwen okenn tantasyon ki pi nwizib pou gason yo pase fanm yo. »
«مَا تَرَكْتُ بَعْدِي فِتْنَةً أَضَرَّ عَلَى الرِّجَالِ مِنَ النِّسَاءِ».
Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah kouvri li) fè konnen ke li pa kite aprè li okenn eprèv ak tantasyon (Fitnah) ki pi danjere pou gason pase fanm; paske si fanm nan fè pati moun lakay li (tankou madanm li), li ka rive swiv li nan ale kont lalwa relijyon an, epi si se yon fanm ki etranje pou li (ki pa Mahram li), tantasyon an ap fèt poutèt li melanje avèl epi li rete poukont li avèl ansanm ak tout dega sa ka lakòz.
...:
Mizilman an dwe pran prekosyon kont tantasyon (Fitnah) fanm yo, epi bloke tout wout ki lakòz tantasyon avèk yo.
Kwayan an dwe chache pwoteksyon bò kote Allah, epi pou li mande li ak tout kè li poul jwenn sekirite kont tantasyon ak move eprèv yo.
Sahih Al-Bukhari (7/ 8) (5096).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2097) (2740).
Plis (3)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (373).
فتح الباري لابن حجر (9/ 138).