Skip to content

Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyem Tashahhud la, pandan menm te nan men li, menm jan li te konn anseyem yon sourat nan Koran an.

Daprè Ibn Mas'oud (Se pou Allah satisfè avèk li), li te di:

« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyem Tashahhud la, pandan men mwen te nan men li, menm jan li te konn anseyem yon sourat nan Koran an: 'Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, e mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesajel.' Nan yon lòt vèsyon yo, li te ajoute: 'Vreman vre, Allah se As-Salam (Sous lapè a). Kidonk, lè youn nan nou chita nan lapriyè a, se poul di: Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah . Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Lèl di sa, salitasyon an rive sou chak sèvitè dwat Allah nan syèl la ak sou tè a. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah , epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li. Aprèsa li ka chwazi nenpòt sal ta renmen mande Allah»

عَلَّمَنِي رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، وَكَفِّي بَيْنَ كَفَّيْهِ، التَّشَهُّدَ، كَمَا يُعَلِّمُنِي السُّورَةَ مِنَ القُرْآنِ: «التَّحِيَّاتُ لِلَّهِ، وَالصَّلَوَاتُ وَالطَّيِّبَاتُ، السَّلاَمُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللَّهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلاَمُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللَّهِ الصَّالِحِينَ، أَشْهَدُ أَنْ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ». وفي لفظ لهما: «إِنَّ اللهَ هُوَ السَّلَامُ، فَإِذَا قَعَدَ أَحَدُكُمْ فِي الصَّلَاةِ فَلْيَقُلْ: التَّحِيَّاتُ لِلَّهِ وَالصَّلَوَاتُ وَالطَّيِّبَاتُ السَّلَامُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلَامُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللهِ الصَّالِحِينَ، فَإِذَا قَالَهَا أَصَابَتْ كُلَّ عَبْدٍ لِلَّهِ صَالِحٍ فِي السَّمَاءِ وَالْأَرْضِ، أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، ثُمَّ يَتَخَيَّرُ مِنَ الْمَسْأَلَةِ مَا شَاءَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseye Ibn Mas'oud (se pou Allah kontan avèk li) Tashahhud yo di nan lapriyè a, epi li te mete men li nan men Ibn Mas'oud poul te ka atire atansyon li sou li. Li te anseyel sa menm jan li te konn anseyel yon sourat nan Koran an, sa ki montre jan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay Tashahhud sa a anpil enpòtans, ni nan fason yo pwononse li ni nan sans li genyen. Lè sa a, li di: Tout salitasyon se pou Allah": Se nenpòt pawòl oswa aksyon ki bay glwa ak montre respè, epi se Allah Toupwisan an ki merite yo tout. "Lapriyè yo" : Epi se lapriyè ki byen koni an, kit se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè, pou Allah Toupwisan an "Bon bagay yo": Se tout pawòl, aksyon, ak kalite ki bon epi ki montre pèfeksyon; yo tout se pou Allah Toupwisan an sèlman. "Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo": Se yon lapriyè pou mande Allah poul pwotejel kont tout kalite mal ak tout move bagay, epi pou ba li plis ak plis nan tout byen. "Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo": Se yon lapriyè pou mande lapè ak sekirite pou moun kap lapriyè a, ansanm ak pou tout sèvitè dwat Allah ki nan syèl la ak sa ki sou tè a. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah. Sa vle di mwen rekonèt sa avèk yon konviksyon ki fèm (san dout), ke pa gen pèsonn ki merite adorasyon tout bon vre, esepte Allah. Epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesajel. Mwen rekonèt li kòm sèvitè ak mesaj la ki fèmen tout lòt yo. Aprèsa sa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ankouraje moun kap lapriyè a pou li chwazi nenpòt sa li ta renmen mande Allah (nan lapriyè a).

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Plas Tachahoud sa a se pozisyon chita aprè dènye Soudjoud la nan chak priyè, epi aprè dezyèm Raka a nan lapriyè ki gen 3 Raka ak 4 raka.

Obligasyon salitasyon yo nan Tachahoud la, epi li pèmèt pou li fè Tachahoud la ak nenpòt pawòl nan pawòl Tachahoud yo, pami sa ki otantifye ki soti bò kote Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

Li pèmèt pou yon moun mande Allah nenpòt sa li vle nan lapriyè a, depi se pa yon bagay ki peche oswa ki mal.

"Li rekòmande pou yon moun kòmanse ak tèt li lè lap fè lapriyè siplikasyon you ."

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 59) (6265).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 301) (402).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 168).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص206).

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص94).