Lap reyisi sil di laverite toutbon.
Talha pitit gason Oubaydillah (se pou Allah dakò avè l) te di:
« Yon mesye ki soti nan rejyon Najd te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), cheve nan tèt li te gaye . Nou tap tande bri vwa li san nou pa te konprann sal tap di, jiskaske li te pwoche bò kote Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi nou wè se sou Islam lap poze kesyon. Lè sa a, Mesaje mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) dil: — « 5 lapriyè chak jou ak chak nwit.» Nonm nan mande: — « Èske mwen gen lòt sou dom ankò? » Li reponn li: — « Non, sof si ou vle fè volontè (anplis). Epi fè jèn nan mwa Ramadan an. » Nonm nan mande: — « Èske mwen gen lòt sou dom ankò? » Li reponn li: — « Non, sof si ou vle fè volontè (anplis). » Epi Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te mansyone Zakat (kòm obligatwa) ba li. Nonm nan mande: — « Èske mwen gen lòt sou dom ankò? » Li reponn li: — « Non, sof si ou vle fè volontè (anplis). » (Talha) di: Nonm nan fè bak poul ale pandan li tap di: — « Mwen fè sèman sou Allah, mwen pap mete anyen anplis sou sa, ni mwen pap retire anyen ladan li » Lè sa a, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) di: — « Lap reyisi sil di laverite toutbon. » »
جَاءَ رَجُلٌ إِلَى رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ مِنْ أَهْلِ نَجْدٍ ثَائِرُ الرَّأْسِ، نَسْمَعُ دَوِيَّ صَوْتِهِ، وَلَا نَفْقَهُ مَا يَقُولُ حَتَّى دَنَا مِنْ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَإِذَا هُوَ يَسْأَلُ عَنِ الْإِسْلَامِ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «خَمْسُ صَلَوَاتٍ فِي الْيَوْمِ وَاللَّيْلَةِ» فَقَالَ: هَلْ عَلَيَّ غَيْرُهُنَّ؟ قَالَ: «لَا، إِلَّا أَنْ تَطَّوَّعَ، وَصِيَامُ شَهْرِ رَمَضَانَ»، فَقَالَ: هَلْ عَلَيَّ غَيْرُهُ؟ فَقَالَ: «لَا، إِلَّا أَنْ تَطَّوَّعَ»، وَذَكَرَ لَهُ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ الزَّكَاةَ، فَقَالَ: هَلْ عَلَيَّ غَيْرُهَا؟ قَالَ: «لَا، إِلَّا أَنْ تَطَّوَّعَ»، قَالَ: فَأَدْبَرَ الرَّجُلُ، وَهُوَ يَقُولُ: وَاللهِ، لَا أَزِيدُ عَلَى هَذَا، وَلَا أَنْقُصُ مِنْهُ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «أَفْلَحَ إِنْ صَدَقَ».
Yon mesye pami moun Najd yo te vin bò kote Pwofèt la, cheve li te an dezòd, vwa li te byen fò, epi ou pat ka konprann sa li tap di a. Jiskaske li te vin pwoche bò kote Pwofèt la, epi li mande sou obligasyon Islam yo? Konsa, Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te kòmanse ak lapriyè (Salat), epi li te fèl konnen Allah te mete yon obligasyon sou li pou li fè 5 priyè (Salat) chak jou, pandan jounen an ak lannwit lan. Li di: "Èske gen nenpòt lòt priyè ki obligatwa pou mwen apa 5 sa yo?" Li te di: Non, sòf si ou chwazi fè kèk nan priyè volontè (Nawafil) yo. Aprèsa li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Epi pami sa Allah fè obligatwa sou ou, se jèn mwa Ramadan. Epi mesye a di: "Èske gen okenn lòt jèn ki obligatwa pou mwen apa jèn nan mwa Ramadan an?" Epi li di: Non, eksepte si ou fè jèn volontè. Aprèsa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te mansyone Zakat la ba li. « Lè sa a, nonm nan di: « Èske gen nenpòt lòt charite ki obligatwa sou mwen aprè Zakat obligatwa a? » » Li di: "Non, sòf si ou fèl volontèman." Epi aprè nonm lan te tande obligasyon sa yo nan men Pwofèt la, li vire dol li ale epi li sèmante sou Allah ke lap respekte yo sanl pa ajoute ni diminye anyen. Lè sa a, Pwofèt la di aprè sa: «Si nonm lan di laverite nan sa li sèmante a, lap pami moun ki reyisi yo.»
« Tolerans ak fasilite lwa Islamik la (Charia) pou moun ki gen responsablite relijye yo. »
Bon fason li (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te trete moun sa a, kote li te pèmèt li pwoche bò kotel epi pozel kesyon.
Lè wap preche mesaj Allah a, kòmanse ak sa ki pi enpòtan an anvan pouw rive sou sa ki mwens enpòtan
Islam se kwayans ak aksyon, kidonk okenn aksyon pa itil san lafwa, ni okenn lafwa pa itil san aksyon.
Enpòtans pratik sa yo kòm gwo pilye mitan Islam.
Lapriyè Vandredi a fè pati 5 lapriyè obligatwa yo; paske li ranplase lapriyè midi (Dhouhr) jou Vandredi a pou moun ki gen obligasyon pou yo fèl la.
« Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te kòmanse anseyel ak devwa ki pi fondamantal nan Islam yo, ki se pilye yo aprè 2 temwayaj lafwa yo (Chahada), paske nonm nan te deja yon mizilman; epi li pat mansyone pelerinaj la (Hajj), swa paske li pat ko vin yon obligasyon lè sa a, oswa paske sezon li pat ko rive. »
« Si yon moun limite kòl sèlman nan sa ki obligatwa nan lwa relijye a, lap reyisi (lap sove); men sa pa vle di li pa rekòmande poul fè aksyon volontè (anplis), paske aksyon volontè sa yo ap vin konplete mankman ki te genyen nan devwa obligatwa yo nan Jou Jijman an. »
Sahih Al-Bukhari (1/ 18) (46).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 40) (11).
Plis (8)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين.
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (2/ 346).
نزهة المتقين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 857).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 242).