Skip to content

Moun ki envite lòt moun nan yon bon chemen (verite), lap jwenn menm rekonpans ak tout moun ki swiv li, san sa pa wete anyen nan rekonpans pa yo.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Moun ki envite lòt moun nan yon bon chemen, lap jwenn menm rekonpans ak tout moun ki swiv li, san sa pa wete anyen nan rekonpans pa yo; epi moun ki envite lòt moun nan yon move chemen , lap pote menm peche ak tout moun ki swiv li, san sa pa wete anyen nan peche pa yo.

«مَنْ دَعَا إِلَى هُدًى كَانَ لَهُ مِنَ الْأَجْرِ مِثْلُ أُجُورِ مَنْ تَبِعَهُ، لَا يَنْقُصُ ذَلِكَ مِنْ أُجُورِهِمْ شَيْئًا، وَمَنْ دَعَا إِلَى ضَلَالَةٍ كَانَ عَلَيْهِ مِنَ الْإِثْمِ مِثْلُ آثَامِ مَنْ تَبِعَهُ، لَا يَنْقُصُ ذَلِكَ مِنْ آثَامِهِمْ شَيْئًا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou Benediksyon ak lapè Allah kouvri li) fè konnen ke moun ki gide, ki montre, epi ki ankouraje moun yo sou yon chemen ki gen laverite ak sa ki byen, swa nan pawòl oswa nan aksyon, lap genyen menm rekonpans ak moun ki swiv li a, san sa pa diminye anyen nan rekonpans moun ki swiv li a Moun ki dirije epi ki montre moun yo yon wout ki pa bon ak ki gen mechanste ki gen yon peche ak yon fòt ladan li oswa yon bagay ki entèdi, kit se nan pawòl kit se nan aksyon, lap pote menm chay ak peche ak moun ki swiv li yo san sa pa retire anyen nan peche pa yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Merite pou yon moun envite lòt moun nan bon chemen an, kit li piti kit li gwo, epi ke moun kap fè envitasyon an jwenn menm rekonpans ak moun kap aplikel la; sa a se yon pati nan gwo favè Allah ak gwo bonte li.

Danje ki genyen nan rele moun nan egareman, kit li piti kit li anpil, e ke moun kap rele moun nan ap pote menm chay peche ak moun ki pratikel la.

Rekonpans lan se menm jan ak aksyon an, konsa, moun ki envite yon moun fè sa ki byen, lap genyen menm rekonpans ak moun ki fèl la, epi moun ki envite yon moun fè sa ki mal, lap pote menm peche ak moun ki fèl la.

Yon Mizilman dwe fè atansyon pou moun pa pran li kòm egzanp nan fè peche aklè pandan yap gade li, paske lap pote peche nenpòt moun ki swiv li a, menm si li pat ankourajel fè sa.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2060) (2674).

Plis (10)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 262).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص141).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 360).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (3/ 554).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 199).