Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

40 of 477 cards

Clear filters
«Pa aprann konesans pou nou vante tèt nou devan savan yo, ni pou nou diskite ak moun ki san konprann yo, ni pou nou chwazi pi bon plas nan asanble yo. Nenpòt moun ki fè sa, se Lanfè kap tann li.»
Sahih Se Ibn Majah ki rapòte li
« Allah pral distenge (sove,libere) yon Mesye ,(yon gason) nan kominotem nan devan tout kreyati yo jou Jijman an. Lap dewoule 99 rejis devan li, chak rejis long tankou distans zye ka wè. Aprèsa , Allah ap mande li: "Èskèw demanti anyen nan sa yo? Èske zanj ki ekri aksyon ou yo te fèw enjistis?" Mesye a nan ap reponn: "Non, Seyè." Allah ap mandel: "Èskew gen nenpòt eskiz?" Lap reponn: "Non, Seyè." Lè sa a, Allah ap dil : "Wi, ou gen yon bon aksyon bò kote nou, epi jodi a ou pap sibi okenn enjistis." Yo pral soti yon ti kat ki gen ekri ladan li: Mwen temwaye pa gen lòt dye eksepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak Mesaje li. Allah ap di: "Prezante pou yo peze aksyon ou yo." Mesye a ap di: "Seyè, kisa ti kat sa a ye devan tout rejis sa yo?" Senyè toupwisan an ap reponn: "Wap jwenn jistis." Yo pral mete rejis yo nan yon bò balans lan, epi ti kat la nan lòt bò a. Rejis yo pral vole anlè (yo pral vin pi lejè), epi ti kat la pral peze pi lou, paske pa gen anyen ki pi lou pase non Allah. »
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
Pa dwe gen ni mal, ni aksyon ki lakòz mal.
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ibn Majah ak Ad-Daraqutni, ak lòt moun ankò avèk yon chèn transmisyon.
Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pran swa nan men gòch li, ak lò nan men dwat li, answit li te leve de men li avèk yo, epi li te di: «Sètènman, 2 bagay sa yo entèdi (Haram) pou gason nan kominote mwen an(Oumma), yo pèmèt (Halal) pou fanm yo.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ibn Majah.
«Nenpòt moun ki manje yon manje epi li di: Lwanj pou Allah ki ban mwen manje sa a, epi ki ban mwen li kòm pwovizyon san okenn pouvwa ak fòs ki soti nan mwen, yap padonnen li peche li te fè anvan yo.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
"«Siplikasyon se adorasyon an», aprèsa li te resite: «{Epi Mèt nou an te di: Rele Mwen, Map reponn nou. Sètènman, moun ki gen lògèy epi ki refize adore Mwen yo ap antre nan lanfè avèk imilyasyon} [Ghafir: 60]»."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a} [At-Takasur: 8], Zubayr te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon ak plezi yap poze nou kesyon, alòske se sèlman 2 bagay nwa yo nou genyen: dat ak dlo?' Li di: «An verite, sa ap rive».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah