Skip to content

Lè youn nan nou ap fè woudou, se pou li mete dlo nan nen li answit pou li souflel soti, epi nenpòt moun ki ap fè istijma (netwaye ak ròch), se pou li itilize yon kantite enpè.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."

«إِذَا تَوَضَّأَ أَحَدُكُمْ فَلْيَجْعَلْ فِي أَنْفِهِ ثُمَّ لِيَنْثُرْ، وَمَنِ اسْتَجْمَرَ فَلْيُوتِرْ، وَإِذَا اسْتَيْقَظَ أَحَدُكُمْ مِنْ نَوْمِهِ فَلْيَغْسِلْ يَدَهُ قَبْلَ أَنْ يُدْخِلَهَا فِي وَضُوئِهِ، فَإِنَّ أَحَدَكُمْ لاَ يَدْرِي أَيْنَ بَاتَتْ يَدُهُ». ولفظ مسلم: «إِذَا اسْتَيْقَظَ أَحَدُكُمْ مِنْ نَوْمِهِ فَلَا يَغْمِسْ يَدَهُ فِي الْإِنَاءِ حَتَّى يَغْسِلَهَا ثَلَاثًا، فَإِنَّهُ لَا يَدْرِي أَيْنَ بَاتَتْ يَدُهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la te eksplike kèk règleman sou pirifikasyon, pami yo: Premye pwen an se: moun kap fè woudou a dwe rale dlo a antre nan nen li ak souf li, aprèsa pou li fè li soti ak souf li tou. Dezyèmman: Nenpòt moun ki vle netwaye epi retire salte ki soti nan li a ak lòt bagay ki pa dlo, tankou ròch oswa lòt materyèl konsa, netwayaj la dwe fèt nan yon kantite enpè; minimòm nan se 3 pas, epi maksimòm nan se kantite ki nesesè pou fè salte a sispann soti epi netwaye zòn nan nèt. Twazyèmman: yon moun ki leve sot nan dòmi lannwit pa dwe antre men li nan veso a pou li fè ablisyon jouk li lave li 3 fwa andeyò veso a, paske li pa konnen ki kote men li te pase nwit lan. Konsa, li pa ka asire si pa gen salte sou li, epi tou Satan gendwa te jwe ak men an pou li pote sou li bagay ki ka fè moun mal oswa ki ka gate dlo a.

Siyifikasyon mo yo

اسْتَجْمَرَ: استعمل الجمار-وهي الحجارة-، أزال الخبث من المخرج بالحجارة أو نحوها.

Pami benefis Hadith la

Li obligatwa pou ou rale dlo nan nen ou nan ablisyon an, sa vle di: ou fè dlo a antre nan nen ou ak souf ou, epi menm jan an tou li obligatwa pou ou soufle li soti, sa vle di: ou fè dlo a soti nan nen ou ak souf ou.

Li rekòmande pou netwaye kòw ak ròch/papye nan yon nonb enpè.

Preskripsyon pou lave 2 menw yo 3 fwa aprèw fin dòmi lannwit.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 43) (162).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 233) (278).

Plis (4)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص19).

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 11).