Di: Pa gen okenn lòt dye Sèlman Allah, mwen ap temwaye pou ou ak sa nan Jou Rezirèksyon an.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di:
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te di tonton li: "Di: Pa gen lòt dye sanble ak Allah, map temwanye pou ou konsènan sa jou jijman an." Tonton an te reponn: "Si se pat paske Quraysh (kourlayich) yo ta pasem nan rizib, yap di se paske li te pè lanmò ki fèl di sa, mwen tap fè kèw kontan (nan fè saw mandem nan)." Epi Allah te revele vèsè sa a: "Vrèman vre, ou paka gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle." [Al-Qasas: 56]
قَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ لِعَمِّهِ: «قُلْ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، أَشْهَدُ لَكَ بِهَا يَوْمَ الْقِيَامَةِ»، قَالَ: لَوْلَا أَنْ تُعَيِّرَنِي قُرَيْشٌ، يَقُولُونَ: إِنَّمَا حَمَلَهُ عَلَى ذَلِكَ الْجَزَعُ لَأَقْرَرْتُ بِهَا عَيْنَكَ. فَأَنْزَلَ اللهُ: {إِنَّكَ لا تَهْدِي مَنْ أَحْبَبْتَ وَلَكِنَّ اللهَ يَهْدِي مَنْ يَشَاءُ } [القصص: 56].
Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te mande tonton li Abu Talib, pandan li tap rann dènye souf li, pou li pwononse: «Pa gen lòt dye esepte Allah», poul te ka fè entèsesyon pou li gras ak pawòl sa a nan Jou Rezirèksyon an, epi temwaye pou li ke li nan relijyon Islam lan. Men, li te refize pwononse temwayaj la (chahada a) paske li te pè pou moun Quraysh(kourlayich ) yo pat jourel epi pou yo pat di sou li: «Li te aksepte Islam paske li te pè lanmò ak akoz feblès!» Epi li te di Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam): «Si se pat sa, mwen tap mete kè kontan nan kè ou lè mwen pwononse temwayaj la, epi mwen tap ba ou sa ou swete a pou ou te ka satisfè!» Se poutèt sa, Allah — ki anwo nan syèl la — te desann vèsè ki montre ke Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) pa gen pouvwa poul bay gidans ki fè moun aksepte relijyon Islam lan, men pito, se Allah pou kont Li , "Li menm ki gen tout pouvwa ak tout glwa a " ki bay moun Li vle gidans sa a. Epi anverite, Pwofèt la — ke lapè ak benediksyon Allah sou li — gide moun yo sèlman nan montre yo chemen an, ba yo eksplikasyon, oryante yo, epi envite yo nan chemen ki dwat la.
...:
Nou pa dwe abandone verite a akoz nou pè sa moun ap di.
Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) posede sèlman pouvwa pou li montre wout la epi gide moun , men se pa li ki bay gidans siksè (gidans konviksyon/favè Allah a).
Pèmisyon (oswa baz legal) pou vizite yon moun ki pa Mizilman ki malad, nan objektif pou envitel vini nan Islam.
Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te toujou veye pou li envite moun vin jwenn Allah Granmèt la nan tout sikonstans.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 55) (25).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (1/ 539).
النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 742).