Skip to content

Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr.

Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Pandan nou te chita avèk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon mesye antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche nan moske a, li mare janm li, epi li di yo: "Kilès nan nou ki Mohammad?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita ap apiye nan mitan yo, nou dil: "Se mesye sa a ki gen koulè blan an, ki chita ap apiye a." Mesye an di Pwofèt la: "O pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la reponn li: "Mwen tande ou." Mesye an di Pwofèt la: "Map pozew yon kesyon, map mandew li ak fòs (map ensiste), donk pa fache avèm." Pwofèt la di li: "Poze kesyon sou sa ou vle." Mesye an di: "Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan ou yo: Èske se Allah ki voyew bay tout moun?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mandew nan non Allah : Èske se Allah ki kòmandew pou nou fè 5 lapriyè yo chak jou ak chak nwit?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande w nan non Allah : Èske se Li ki kòmandew pou nou fè jèn mwa sa a nan ane a?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande ou nan non Allah : Èske se Senyè toupwisan an ki kòmandew pou nou pran zakat sa a nan men moun rich nou yo pou nou pataje li bay pòv nou yo?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Lè sa a, Mesye a di: "Mwen kwè nan sa ou pote a, epi mwen se yon reprezantan ki soti dèyè pèp mwen an. Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr."

بينما نحن جلوس مع النبي صلى الله عليه وسلم في المسجد دخل رجل على جمل، فأناخه في المسجد ثم عقله، ثم قال لهم: أيكم محمد؟ والنبي صلى الله عليه وسلم متكئ بين ظهرانيهم، فقلنا: هذا الرجل الأبيض المتكئ. فقال له الرجل: يا ابن عبد المطلب فقال له النبي صلى الله عليه وسلم: «قد أجبتك». فقال الرجل للنبي صلى الله عليه وسلم: إني سائلك فمشدد عليك في المسألة، فلا تجد علي في نفسك؟ فقال: «سل عما بدا لك» فقال: أسألك بربك ورب من قبلك، آلله أرسلك إلى الناس كلهم؟ فقال: «اللهم نعم». قال: أنشدك بالله، آلله أمرك أن نصلي الصلوات الخمس في اليوم والليلة؟ قال: «اللهم نعم». قال: أنشدك بالله، آلله أمرك أن نصوم هذا الشهر من السنة؟ قال: «اللهم نعم». قال: أنشدك بالله، آلله أمرك أن تأخذ هذه الصدقة من أغنيائنا فتقسمها على فقرائنا؟ فقال النبي صلى الله عليه وسلم: «اللهم نعم». فقال الرجل: آمنت بما جئت به، وأنا رسول من ورائي من قومي، وأنا ضمام بن ثعلبة أخو بني سعد بن بكر.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, rapòte: Pandan konpanyon yo te chita avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon Mesye te antre sou yon chamo, li te fèl akoupi, aprèsa li marel Apre sa, li te mande yo: "Kiyès nan nou ki Mouhammad, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li)?" Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te apiye pami pèp la, epi nou te di: Mesye blan sa a ki apiye a, Epi mesye a te di li: O pitit gason Abd al-Muttalib, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) dil: Mwen tandew, kidonk poze kesyon w, map reponn ou. Epi mesye a te di Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Mwen pral poze ou kesyon epi mwen pral sevè avè ak ou nan kesyon an, kidonk pa kenbe anyen kont mwen nan kè ou. Sa vle di: pa fè kòlè sou mwen, ni pa kite sa baw kè sere, Epi li di: Mande sa ou vle, Li di: Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan w yo: Èske se Allah ki voye ou bay tout moun? Epi li te di: O Allah, wi, pou konfime sa li di a se verite, Mesye a di: Mwen sipliyew sou non Allah, sa vle di: mwen mandew sou non Allah, èske se Allah ki baw lòd pou nou fè 5 priyè yo pandan jounen an ak lannwit lan? Epi sa yo se priyè obligatwa yo, Li te di: O Allah, wi, Li di: Mwen mandew nan non Allah, èske se Allah ki baw lòd pou nou fè jèn nan mwa sa a nan ane a? Sa vle di: mwa Ramadan an, Li di: Mwen mandew nan non Allah, èske se Allah ki te pase ou lòd pou ou pran ofrann sa a nan men moun rich pami nou yo, epi pou ou separel bay moun ki pòv pami nou yo? Epi, se sa ki Zaka a, Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: O Allah, wi, Epi Dhimâm te aksepte Islam, epi li te fè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) konnen ke li pral envite moun lakay li yo vin nan Islam. Aprèsa, li te prezante tèt li epi li te fè konnen li se Dhimâm bin Tha’labah ki soti nan tribi Bani Sa’d bin Bakr yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Imilite Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li); kote mesye an pat kapab fè diferans ant li menm ak konpayon li yo.

Bèl karaktè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), jan li te dou lèl tap reponn moun ki tap poze kesyon an, epi bon jan (Bon fason) pou reponn se youn nan rezon ki fè moun aksepte mesaj la.

Li pèmèt pou yo dekri yon moun pa mwayen karakteristik fizik tankou koulè po (blan oswa wouj), si li gen bèl wotè oswa kout, ak lòt bagay ki sanble avèk yo, depi objektif la se pa pou imilye moun nan, epi depi moun nan pa rayi sa.

Li pèmèt pou yon moun ki pa Mizilman antre nan moske a si sa nesesè (pou yon bezwen).

Yo pat mansyone pelerinaj la (Hajj) nan hadith la, paske li posib li patko obligatwa lè li te vini an.

Konpayon yo te gen gwo dezi pou yo envite moun; konsa, imedyatman aprèl te vin nan Islam, li te gen gwo dezi poul envite moun nan pèp li a.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 23) (63).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 41) (12).

Plis (2)

شرح ابن بطال (1/145).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (2/ 22).