Sètènman, Allah ak Mesaje li a te entèdi vann bwason ki gen alkòl, bèt mouri, kochon, ak zidòl.
Bò kote Jabir ibn Abdullah (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), ke li te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki tap di nan ane Konkèt la, pandan li te nan Lamèk:
Vreman vre, Allah ak Mesaje li a entèdi vann alkòl, bèt ki mouri (san yo pa touye li jan relijyon an mande sa), kochon, ak zidòl." Yo di li: 'O Mesaje Allah, èskew wè grès bèt ki mouri yo? Yo itilize li pou yo pase sou bato, yo metel sou po bèt (pou fè yo soupl), epi moun sèvi avèl pou limen lanp.' Li reponn: 'Non, li entèdi (haram).' Aprèsa, Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze sou li) te ajoute: 'Se pou Allah konbat Jwif yo! Paske lè Allah te entèdi yo grès bèt yo, yo te fonn li (yo te transfòmel), yo vann li, epi yo manje lajan yo te fè ak li a.
«إِنَّ اللَّهَ وَرَسُولَهُ حَرَّمَ بَيْعَ الخَمْرِ، وَالمَيْتَةِ وَالخِنْزِيرِ وَالأَصْنَامِ»، فَقِيلَ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، أَرَأَيْتَ شُحُومَ المَيْتَةِ، فَإِنَّهَا يُطْلَى بِهَا السُّفُنُ، وَيُدْهَنُ بِهَا الجُلُودُ، وَيَسْتَصْبِحُ بِهَا النَّاسُ؟ فَقَالَ: «لاَ، هُوَ حَرَامٌ»، ثُمَّ قَالَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عِنْدَ ذَلِكَ: «قَاتَلَ اللَّهُ اليَهُودَ إِنَّ اللَّهَ لَمَّا حَرَّمَ شُحُومَهَا جَمَلُوهُ، ثُمَّ بَاعُوهُ، فَأَكَلُوا ثَمَنَهُ».
Jabir pitit gason Abdullah a (ke Allah satisfè 2 a) te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di nan ane Konkèt la, pandan li te Lamèk: Vrèmanvre, Allah ak Mesaje Li a entèdi vant bwason ki soule, bèt mouri, kochon ak zidòl. Yo te di l: O Mesaje Allah, èske li pèmèt pou nou vann grès bèt mouri yo? Paske yo pase bato yo avè li, yo grese po bèt yo avèl, epi moun yo limen lanp yo avèl. Li reponn: Non, vant li entèdi. Aprèsa, nan menm moman an, li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te ajoute: Ke Allah detwi jwif yo epi Li modi yo; vrèmanvre, lè Allah te entèdi yo grès bèt yo, yo te fonn li, answit yo te vann grès la epi yo te manje lajan li rapòte a.
An-Nawawi te di: Bèt mouri, bwason ki gen alkòl ak kochon: tout Mizilman yo tonbe dakò sou entèdiksyon vann chak nan yo.
Qadi a (jij la) di: 'Hadis sa a montre ke tout sa ki pa pèmèt yo manje epi yo pa ka sèvi ak li, li entèdi tou pou vann li, epi lajan yo fè ak li a pa pèmèt yo manje (itilize l), menm jan sa te ye pou grès bèt yo mansyone nan hadis la.'
Ibn Hajar di: 'Fason pawòl la ranje a montre klèman fòs opinyon majorite savan yo ki di ke sa Pwofèt la te vle di lèl te di 'li entèdi (haram)' an, se vann lan li entèdi, men se pa itilizasyon li(nan lòt bagay ki pa vann).'
Tout riz yo itilize pou rive rann legal (halal) yon bagay ki entèdi (haram), se yon bagay ki fo (li pa valab).
Al-Nawawi di: 'Savan yo fè konnen, nan entèdiksyon jeneral ki fèt sou vant bèt ki mouri a, sa vle di tou li entèdi pou yo vann kadav yon moun ki pa kwayan (kafir) si nou touyel nan yon batay epi moun ki pa kwayan yo mande pou yo achte li, oswa pou yo ofri yon konpansasyon pou li.' Gen yon istwa nan hadis la ki rakonte ke Nawfal bin Abdullah al-Makhzumi te mouri nan men Mizilman yo jou batay tranche a (Khandaq), moun ki pa kwayan yo te ofri 10 000 dirham bay Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) pou yo jwenn kò a, men li pat pran lajan an, epi li te livre kò a ba yo (gratis).
Sahih Al-Bukhari (3/ 84) (2236).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1207) (1581).
Plis (9)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
(ص97).
فتاوى اللجنة الدائمة - المجموعة الأولى- اللجنة الدائمة للبحوث العلمية والإفتاء (22/ 506).
الشرح الممتع على زاد المستقنع.
لابن عثيمين (1/ 71).
كشف اللثام شرح عمدة الأحكام.
لمحمد السفاريني الحنبلي (4/ 557).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
لعبد الله البسام (ص479).