Skip to content

Èske gen yon moun kap resevwa pawòl sa a nan men mwen ,kap chita sou sofal, epi kap di: "Se Koran an (Liv Allah a) ki ant nou menm avèk nou menm (nou pa bezwen lòt bagay)?"

Daprè Al-Miqdam ibn Ma'dikarib (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Konnen byen, kapab gen yon mesye, kote yon pawòl (hadith) ki soti nan mwen rive jwenn li pandan lap apiye sou fotèy li, epi li di: "Ant nou menm ak nou menm gen Liv Allah a; sa nou jwenn ladanl ki pèmèt (halal), nou pranl kòm halal, epi sa nou jwenn ladanl ki entèdi (haram), nou pranl kòm haram." Epi, anverite, sa Mesaje Allah la entèdi, li menm jan ak sa Allah entèdi!»

«أَلَا هَلْ عَسَى رَجُلٌ يَبْلُغُهُ الْحَدِيثُ عَنِّي وَهُوَ مُتَّكِئٌ عَلَى أَرِيكَتِهِ فَيَقُولُ: بَيْنَنَا وَبَيْنَكُمْ كِتَابُ اللهِ، فَمَا وَجَدْنَا فِيهِ حَلَالًا اسْتَحْلَلْنَاهُ، وَمَا وَجَدْنَا فِيهِ حَرَامًا حَرَّمْنَاهُ، وَإِنَّ مَا حَرَّمَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَمَا حَرَّمَ اللهُ».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ibn Majah
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te avèti ke gen yon epòk kap rive kote yon kalite moun pral chita alèz sou kabann yo, epi lè yo tande yon pawòl ki soti nan men Pwofèt la (hadith), yap di: "Sa kap regle zafè ant nou menm avèk nou menm nan, se Koran an. Li sifi pou nou; sa nou jwenn ki pèmèt (halal) ladan li nap pratikel, epi sa nou jwenn ki entèdi (haram) ladan li, nap rete li(rejtel) Aprèsa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di klèman ke tout bagay li te rann entèdi oubyen li te defann nan tradisyonl (Sunnah), li gen menm valè nan règleman an tankou sa Allah te entèdi nan Liv Li a; paske se li menm kap transmèt mesaj la soti nan Seyè li a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Nou dwe bay Sunnah a (tradisyon Pwofèt la) menm respè ak enpòtans nou bay Koran an, epi nou dwe aplike li.

Obeyi Mesaje a se obeyi Allah, epi dezobeyi li se dezobeyi Allah (Mèt ki anwo nan syèl la).

Pwouve otorite Sounna a kòm sous gidans, epi bay repons pou moun ki rejte oswa ki nye tradisyon Pwofèt la.

Nenpòt moun ki vire do bay Sounna a epi ki pretann limite tèt li sèlman ak Koran an, se yon moun ki vire do bay yo tou 2 nèt, epi ki bay manti nan pretann lap swiv Koran an.

Pami prèv sou pwofesi li a (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam), se jan li te konn bay nouvèl sou yon bagay ki te gen pou rive nan lavni, epi sa te vin fèt vre jan li te fè konnen an.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 13) (4604).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 399) (2664).

Sounna Ibn Majah (1/ 9) (12).

Plis (1)

نخب الأفكار في تنقيح مباني الأخبار في شرح معاني الآثار (13/ 154).