Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te aprann nou Khutbat al-Hajah (diskou pou mande èd Allah).
Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), li te di:
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te aprann nou Khutbat al-Hajah (diskou pou mande èd Allah): Tout lwanj se pou Allah. Nou mande Li èd epi nou mande Li padon. Nou chache pwoteksyon nan men Li kont mechanste ki nan pwòp tèt nou. Moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdi li; epi moun Li kite pèdi, pèsonn pa ka gide li. Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li. {O nou menm lèzòm! Krenn Mèt nou an, Li menm ki te kreye nou soti nan yon sèl moun (nanm), ki te kreye madanm li soti nan li menm tou, epi ki te fè anpil gason ak fanm soti nan yo 2 a pou gaye sou tè a. Krenn Allah, Li menm nou sèvi ak non Li pou nou fè demann yonn bay lòt, epi respekte lyen fanmi yo. Paske tout bon, Allah ap veye sou nou chak deprè.} [Sourat An-Nisa: 1] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah jan nou dwe krenn Li a tout bon vre, epi pa kite lanmò pran nou si se pa nan eta Mizilman (moun ki soumèt nèt devan Li).} [Sourat Ali 'Imran: 102] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah epi toujou pale pawòl ki dwat (ki verite). Lè konsa, Li va fè aksyon nou yo vin bon, epi lap padonnen peche nou yo. Nenpòt moun ki obeyi Allah ak Mesaje Li a, se sèten li ranpòte yon gwo siksè.} [Sourat Al-Ahzab: 70-71]
عَلَّمَنَا رَسُوْلُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ خُطْبَةَ الحَاجَةِ: إِنَّ الحَمْدَ للهِ، نَسْتَعِيْنُهُ وَنَسْتَغْفِرُهُ، وَنَعُوْذُ بِهِ مِنْ شُرُوْرِ أَنْفُسِنَا، مَنْ يَهْدِ اللهُ فَلَا مُضِلَّ لَهُ، وَمَنْ يُضْلِلْ فَلَا هَادِيَ لَهُ، وَأَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا الله، وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُوْلُهُ، {يَا أَيُّهَا النَّاسُ اتَّقُوا رَبَّكُمُ الَّذِي خَلَقَكُمْ مِنْ نَفْسٍ وَاحِدَةٍ وَخَلَقَ مِنْهَا زَوْجَهَا وَبَثَّ مِنْهُمَا رِجَالًا كَثِيرًا وَنِسَاءً وَاتَّقُوا اللَّهَ الَّذِي تَسَاءَلُونَ بِهِ والأرحام إن الله كان عليكم رقيبا} [النساء: 1]، {يَا أَيُّهَا الَّذِينَ آمَنُوا اتَّقُوا اللَّهَ حَقَّ تُقَاتِهِ وَلَا تَمُوتُنَّ إِلَّا وَأَنْتُمْ مُسْلِمُونَ} [آل عمران: 102]، {يَا أَيُّهَا الَّذِينَ آمَنُوا اتَّقُوا اللَّهَ وَقُولُوا قَوْلًا سَدِيدًا (70) يُصْلِحْ لَكُمْ أَعْمَالَكُمْ وَيَغْفِرْ لَكُمْ ذُنُوبَكُمْ وَمَنْ يُطِعِ اللَّهَ وَرَسُولَهُ فَقَدْ فَازَ فَوْزًا عَظِيمًا} [الأحزاب:70 - 71].
Ibn Mas'oud (ke Allah kontan avè li) fè konnen ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseye yo Khutbat al-Hajah. Se yon diskou ki fèt lè yon moun pral kòmanse yon diskou oswa lèl pral prezante yon demand (tankou nan seremoni maryaj, nan sèmon vandredi, ak lòt okazyon menm jan an). Diskou sa a gen ladan li anpil siyifikasyon ki gran anpil pou rakonte byen klè fason Allah merite tout kalite lwanj, pou mande èd nan men Li sèlman, Li pa gen asosye, pou mande li kache peche yo epi padone yo, ansanm ak pou chèche pwoteksyon bò kote Li kont tout mal, tankou mal ki soti nan pwòp nanm nou ak lòt mal ankò. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè nou konnen ke gidans lan se nan men Allah li ye, konsa, moun Li gide a, pèsonn pa ka egarel, e moun Li kite egare a, pèsonn pa ka gidel. Aprèsa, li te mansyone temwayaj inite a epi ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, ak temwayaj mesaj la ki di Muhammad se sèvitè Allah ak mesaje Li. Pwofèt la te fini diskou sa a ak 3 vèsè sa yo ki bay lòd pou nou gen Taqwa (krentif) pou Allah, sa vle di: fè sa Li kòmande epi evite sa Li entèdi, tout sa pou nou chèche satisfaksyon Li. Epi, li fè nou konnen rekonpans moun ki fè sa se: aksyon ak pawòl yo ap vin bon, peche yo ap efase, Allah ap padonne yo, yap viv yon vi ki bon nan mond sa a, epi yap ranpòte viktwa (Paradi a) nan Jou Jijman an.
...:
Li rekòmande pou yo kòmanse diskou maryaj, ak diskou vandredi, ak lòt bagay, avèk diskou sa a (Khutbat al-Hajah).
Diskou a dwe genyen ladan li lwanj (Allah), 2 temwayaj yo, ak kèk vèsè koranik.
Ansèyman Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) bay konpayon li yo sou sa yo bezwen nan relijyon yo.
Sounna Abou Dawoud (3/ 456) (2118).
Sounna At-Tirmidhi (2/ 398) (1105).
Sounna An-Nasa'i (3/ 104) (1404).
Sounna Ibn Majah (3/ 87) (1892).
Mousnad Ahmad (6/ 262) (3720).
Plis (6)
ذخيرة العقبى في شرح المجتبى.
للإثيوبي (16/ 231).
عون المعبود شرح سنن أبي داود.
للعظيم آبادي (6/ 108).
توضِيحُ الأحكَامِ مِن بُلوُغ المَرَام.
للبسام (5/ 241).