Skip to content

Vrèmanvre, Allah ki gen tout pouvwa a lonje men li nan lannwit pou moun ki te fè peche nan lajounen ka repanti, epi Li lonje men li nan lajounen pou moun ki te fè peche nan lannwit ka repanti, jiskaske solèy la leve nan kote li konn kouche a (nan lwès).

Daprè Abou Mousa (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Sètènman, Allah (Toupwisan ak Majestye) lonje men Li pandan lannwit pou moun ki komèt peche pandan jounen an ka repanti, epi Li lonje men li pandan jounen an pou moun ki komèt peche pandan lannwit lan ka repanti, jiskaske solèy la leve nan lwès.»

«إِنَّ اللهَ عَزَّ وَجَلَّ يَبْسُطُ يَدَهُ بِاللَّيْلِ لِيَتُوبَ مُسِيءُ النَّهَارِ، وَيَبْسُطُ يَدَهُ بِالنَّهَارِ لِيَتُوبَ مُسِيءُ اللَّيْلِ، حَتَّى تَطْلُعَ الشَّمْسُ مِنْ مَغْرِبِهَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah, Trèwo a, aksepte repantans nan men sèvitè li yo, Si yon sèvitè komèt yon peche lajounen epi li repanti lannwit, Allah aksepte repantans li, epi si li komèt yon peche lannwit epi li repanti lajounen, Allah aksepte repantans li, Epi Li menm (Glwa pou Li) lonje men li pou resevwa repantans ak anpil jwa, epi pou li akseptel. Pòt repantans lan ap toujou rete louvri jiskaske solèy la leve nan lwès kòm yon anons pou lafen mond lan. Konsa, lè li leve, pòt repantans lan ap fèmen.

Pami benefis Hadith la

Akseptasyon repantans lan kontinye toutotan pòt li rete louvri. Pòt sa a ap fèmen lè solèy la leve nan kotel konn kouche a (nan lwès), epi fòk yon moun repanti anvan li rive nan rale mennen kase lanmò a (agoni) ki se moman kote nanm nan rive nan gòj la.(Lè lap trepase poul mourir)

Pa dezespere ni pèdi espwa akòz peche, paske padon Allah, Toupwisan an, ak mizerikòd Li gran anpil, epi pòt repantans lan louvri.

Kondisyon pou repantans lan: Premyèman: sispann fè peche a nèt, Dezyèmman: gen gwo regrè dèske li te fèl, epi Twazyèmman: pran desizyon fèm pou pa janm retounen ladan li ankò. Sa se si sa konsène dwa Allah (ki gen tout pouvwa a). Men, si sa gen rapò ak youn nan dwa moun yo, se yon kondisyon pou repantans lan kòrèk pou li rann moun ki gen dwa a sa ki pou li, oswa pou moun ki gen dwa a padone li.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2113) (2759).

Plis (6)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 35).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (1/ 103).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 55).