Skip to content

O sèvitèm yo! Mwen entèdi enjistis (opresyon) pou tèt mwen, epi mwen fèl tounen yon bagay ki entèdi ant nou menm tou. Donk, pa fè enjistis youn ak lòt.

Daprè Abou Dharr (ke Allah satisfè de li):

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte pawòl Allah a ki di: "O sèvitèm yo! Mwen entèdi enjistis pou tèt mwen, epi mwen fèl tounen yon bagay ki entèdi ant nou menm tou. Donk, pa fè enjistis youn ak lòt. O sèvitèm yo! Nou tout pèdi, eksepte moun mwen gide a; donk, mandem gidans, map gide nou. O sèvitè m yo! Nou tout grangou, eksepte moun mwen bay manje a; donk, mandem manje, map nouri nou. O sèvitèm yo! Nou tout toutouni, eksepte moun mwen abiye a; donk, mandem rad, map abiye nou. O sèvitèm yo! Nou fè erè lajounen kou lannwit, e mwen menm mwen padone tout peche; donk, mandem padon, map padone nou. O sèvitèm yo! Nou pap janm rive fèm mal pou nou ta blesem, e nou pap janm rive fèm byen pou nou ta potem benefis. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, ta gen kè moun ki pi sen an pami nou, sa pa tap ajoute anyen nan wayòm mwen an. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, ta gen kè moun ki pi mechan an pami nou, sa pa tap retire anyen nan wayòm mwen an. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, te kanpe nan yon menm kote epi yo te mandem, epi mwen te bay chak moun sal mande a, sa pa tap diminye anyen nan sam posede, sof jan yon zegwi diminye lanmè a lè ou plonjel ladan li. O sèvitèm yo! Se sèlman aksyon nou yo map anrejistre pou nou, epi map peye nou konplè pou yo. Donk, nenpòt moun ki jwenn byen, se poul fè lwanj pou Allah ; epi nenpòt moun ki jwenn lòt bagay (sa ki mal), se pou li pa blame pèsonn sof tèt li."

عَنِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِيمَا رَوَى عَنِ اللهِ تَبَارَكَ وَتَعَالَى أَنَّهُ قَالَ: «يَا عِبَادِي إِنِّي حَرَّمْتُ الظُّلْمَ عَلَى نَفْسِي، وَجَعَلْتُهُ بَيْنَكُمْ مُحَرَّمًا، فَلَا تَظَالَمُوا، يَا عِبَادِي كُلُّكُمْ ضَالٌّ إِلَّا مَنْ هَدَيْتُهُ، فَاسْتَهْدُونِي أَهْدِكُمْ، يَا عِبَادِي كُلُّكُمْ جَائِعٌ إِلَّا مَنْ أَطْعَمْتُهُ، فَاسْتَطْعِمُونِي أُطْعِمْكُمْ، يَا عِبَادِي كُلُّكُمْ عَارٍ إِلَّا مَنْ كَسَوْتُهُ، فَاسْتَكْسُونِي أَكْسُكُمْ، يَا عِبَادِي إِنَّكُمْ تُخْطِئُونَ بِاللَّيْلِ وَالنَّهَارِ وَأَنَا أَغْفِرُ الذُّنُوبَ جَمِيعًا فَاسْتَغْفِرُونِي أَغْفِرْ لَكُمْ، يَا عِبَادِي إِنَّكُمْ لَنْ تَبْلُغُوا ضَرِّي فَتَضُرُّونِي، وَلَنْ تَبْلُغُوا نَفْعِي فَتَنْفَعُونِي، يَا عِبَادِي لَوْ أَنَّ أَوَّلَكُمْ وَآخِرَكُمْ وَإِنْسَكُمْ وَجِنَّكُمْ كَانُوا عَلَى أَتْقَى قَلْبِ رَجُلٍ وَاحِدٍ مِنْكُمْ مَا زَادَ ذَلِكَ فِي مُلْكِي شَيْئًا، يَا عِبَادِي لَوْ أَنَّ أَوَّلَكُمْ وَآخِرَكُمْ وَإِنْسَكُمْ وَجِنَّكُمْ كَانُوا عَلَى أَفْجَرِ قَلْبِ رَجُلٍ وَاحِدٍ مَا نَقَصَ ذَلِكَ مِنْ مُلْكِي شَيْئًا، يَا عِبَادِي لَوْ أَنَّ أَوَّلَكُمْ وَآخِرَكُمْ وَإِنْسَكُمْ وَجِنَّكُمْ قَامُوا فِي صَعِيدٍ وَاحِدٍ فَسَأَلُونِي فَأَعْطَيْتُ كُلَّ إِنْسَانٍ مَسْأَلَتَهُ مَا نَقَصَ ذَلِكَ مِمَّا عِنْدِي إِلَّا كَمَا يَنْقُصُ الْمِخْيَطُ إِذَا أُدْخِلَ الْبَحْرَ، يَا عِبَادِي إِنَّمَا هِيَ أَعْمَالُكُمْ أُحْصِيهَا لَكُمْ ثُمَّ أُوَفِّيكُمْ إِيَّاهَا، فَمَنْ وَجَدَ خَيْرًا فَلْيَحْمَدِ اللهَ، وَمَنْ وَجَدَ غَيْرَ ذَلِكَ فَلَا يَلُومَنَّ إِلَّا نَفْسَهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah, li menm ki sen anpil la e ki anwo nan syèl la, di ke li entèdi enjistis sou pwòp tèt li, epi li fè enjistis entèdi pami kreyati li yo, konsa pou pèsonn pa fè pèsonn enjistis, Epi, tout kreyati yo nèt egare lwen chemen laverite a, eksepte ak gidans ak siksè Allah. Epi moun ki mande Allah sa, Lap ba li siksè epi lap gide li, Epi tout kreyati yo depann nèt sou Allah, yo bezwen li pou tout bezwen yo genyen, epi nenpòt moun ki mande Allah sekou, lap reponn bezwen li epi lap sifi pou li. Epi yo fè peche lannwit ak lajounen, alòske Allah, Trèwo a, kouvri peche yo epi li padone lè sèvitè a mande padon, Epi yo pa kapab fè Allah okenn mal, oswa fè li okenn byen nan anyen, Epi menm si yo tout ta gen kè moun ki pi sen an pami yo (kè ki gen plis lakrentif pou Allah a), sa pa tap ajoute anyen nan wayòm Allah a. E menm si yo tout ta gen kè moun ki pi mechan an (ki pi kwochi a) pami yo, mechanste yo pa tap retire anyen nan wayòm Allah a; paske yo se kreyati ki fèb e ki nan bezwen devan Allah, yo bezwen li nan chak sitiyasyon, chak moman, ak chak kote. Kanta pou Li, Li se "Al-Ghani" (Moun ki rich/Endepandan an, ki pa bezwen anyen), Li menm ki pi wo a. Epi si yo tout ta kanpe nan yon sèl kote, ni moun ni djinn, depi premye a rive nan dènye a, epi yap mande Allah, epi li ta bay chak moun pami yo sa yo mande a, sa pat ap diminye anyen nan sa Allah genyen, menm jan ak yon zegwi si yo ta plonjel nan lanmè epi yo rale li soti, lanmè a patap diminye anyen poutèt sa. Sa a montre jan richès Allah (ki pi wo a) se yon richès pafè. E Allah (ki pi wo a) anrejistre aksyon sèvitè yo epi Li konte yo pou yo, epi Li pral ba yo rekonpans lan konplè nan jou jijman an. Donk, nenpòt moun ki jwenn rekonpans aksyon li kòm yon byen, se pou li fè lwanj pou Senyè toupwisan an ki te ba li fòs poul obeyi li. E nenpòt moun ki jwenn rekonpans aksyon li kòm yon lòt bagay (yon mal), se poul pa blame pèsonn sof pwòp tèt pa li, tèt pal ki te toujou pouse li fè sa ki mal, ki mennen li pèdisyon.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Hadith sa a fè pati sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte soti nan men Seyè li a, epi yo rele li Hadith Qudsi oswa Hadith Divin. Epi se li menm kote pawòl li ansanm ak sans li soti nan men Allah, sèlman ke li pa gen ladan li kalite Koran an genyen ki fè li distenge de tout lòt yo, tankou adorasyon nan resitasyon li, pirifikasyon pou li, defi ak mirak, ansanm ak lòt ankò.

Tout konesans oubyen gidans sèvitè yo rive jwenn, se gras ak gidans Allah ansanm ak ansèyman Li.

Nenpòt byen ki rive yon sèvitè Allah, se nan favè Allah sa soti, epi nenpòt mal ki rivel, se nan pwòp tèt li ak pasyon li sa soti.

Moun ki fè sa ki byen, se gras ak siksè Allah bay, epi rekonpans li se yon favè ki soti nan men Allah, kidonk tout louwanj se pou Li. Epi moun ki fè sa ki mal, li pa dwe blame pèsonn eksepte pwòp tèt li.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1994) (2577).

Plis (7)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص52).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص235).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص82).

الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.

لعبد الله المحسن (ص46).