Skip to content

O jèn gason, map aprann ou kèk mo (konsèy): Kenbe lòd Allah yo, lap kenbew. Kenbe lòd Allah yo, wap jwenn li devan ou (lap avèw). Si ou gen pou mande yon bagay, mande Allah. Epi si ou gen pou chèche èd, chèche èd nan men Allah.

Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

Yon jou mwen te dèyè Mesaje Allah a (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), li dim konsa: « Ti gason, mwen pral montrew kèk pawòl : Toujou sonje Allah, Allah ap pwotejew. Toujou sonje Allah, wap jwenn Li bò kote w. Si wap mande, mande Allah. Siw bezwen sekou, chache sekou nan men Allah. Epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew. Plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch. »

كُنْتُ خَلْفَ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَوْمًا، فَقَالَ: «يَا غُلَامُ، إِنِّي أُعَلِّمُكَ كَلِمَاتٍ، احْفَظِ اللهَ يَحْفَظْكَ، احْفَظِ اللهَ تَجِدْهُ تُجَاهَكَ، إِذَا سَأَلْتَ فَاسْأَلِ اللهَ، وَإِذَا اسْتَعَنْتَ فَاسْتَعِنْ بِاللهِ، وَاعْلَمْ أَنَّ الْأُمَّةَ لَوِ اجْتَمَعَتْ عَلَى أَنْ يَنْفَعُوكَ بِشَيْءٍ، لَمْ يَنْفَعُوكَ إِلَّا بِشَيْءٍ قَدْ كَتَبَهُ اللهُ لَكَ، وَلَوِ اجْتَمَعُوا عَلَى أَنْ يَضُرُّوكَ بِشَيْءٍ، لَمْ يَضُرُّوكَ إِلَّا بِشَيْءٍ قَدْ كَتَبَهُ اللهُ عَلَيْكَ، رُفِعَتِ الْأَقْلَامُ وَجَفَّتِ الصُّحُفُ».

Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Sahih
Esplikasyon an

Ibn Abbas (se pou Allah satisfè avè l) fè konnen ke lè li te piti, li te monte ansanm ak Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te di li konsa: Mwen pral aprann ou kèk bagay ak prensip ke Allah ap fè yo itil ou: Kenbe lòd Allah yo nan swiv sa li kòmande ak evite sa li entèdi, yon jan pou li jwenn ou ap fè bon aksyon ak zèv adorasyon, epi li pa jwenn ou ap fè peche ak fot. Si ou fè sa, rekonpans ou se ke Allah ap pwotejew kont tout malè nan lavi sa a ak nan lòt lavi a, epi lap edew nan tout travay enpòtan yo kèlkeswa kote ou ale. Epi si ou vle mande yon bagay, se Allah sèlman ou dwe mande, paske se Li menm sèl ki reponn moun kap mande yo. Epi si ou vle èd, pa mande èd si se pa nan men Allah. Epi fòk ou gen yon lafwa ki san mank ke ou pap jwenn okenn byen, menmsi tout moun sou tè a ta mete tèt yo ansanm pou yo fè ou jwenn yon byen, esepte sa Allah te ekri pou ou. Epi okenn mal pap rive ou, menmsi tout moun sou tè a ta mete tèt yo ansanm pou yo fè ou yon mal, esepte sa Allah te deside sou ou. Epi bagay sa a, Allah te deja ekri li epi Li te planifye li daprè jan bon konprann (sajès) Li ak konesans Li mande sa, epi pa gen okenn chanjman nan sa Allah te ekri a.

Siyifikasyon mo yo

خلف النبي -صلى الله عليه وسلم-: أي على دابته رديفًا.

غلام: الصبي من حين يولد إلى أن يقارب سنَّ البلوغ.

Pami benefis Hadith la

Enpòtans pou nou montre timoun yo ak jèn yo zafè relijyon an, tankou Tawid la, bon konpòtman, ak lòt bagay ankò.

Rekonpans lan se menm kalite ak aksyon an.

Lòd pou apiye nèt sou Allah, epi mete konfyans nan Li sèlman epi pa nan okenn lòt, epi se Li ki pi bon pwotèktè.

Kwè nan sa Allah deside ak sa Li planifye (Al-Qada wal-Qadr) epi aksepte sa, epi kwè Allah te deside tout bagay.

Moun ki neglije lòd Allah, Allah ap neglije li, e Li pap pwoteje li.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 284) (2516).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص42).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص200).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص69).