Islam nan bati sou senk (5) poto
Daprè Abou Abd al-Rahman Abdullah ibn Oumar ibn al-Khattab (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:
Islam baze sou 5 prensip: temwanye pa gen lòt dye pase Allah epi Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, fè lapriyè, bay zakat, fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), epi fè jèn pandan mwa Ramadan an.
«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إلَهَ إلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ الْبَيْتِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ».
Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te konpare Islam nan ak yon bilding ki byen solid ansanm avèk 5 poto li yo kap soutni bilding sa a, tandiske rès pratik Islam yo fòme sa ki vin konplete bilding nan. Premye nan poto sa yo se: 2 temwayaj yo; Temwayaj ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Muhammad se mesaje Allah. Yo tou 2 fòme yon sèl poto; youn pa kapab separe ak lòt la. Sèvitè a pwononse yo pou li rekonèt inisite Allah ak dwa Li genyen pou Li jwenn adorasyon poukont Li sèl san okenn patnè, pou li aji selon egzijans yo, epi pou li kwè nan mesaj Muhammad la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) antan lap swiv li. Dezyèm poto a se: Fè lapriyè a. Sa se senk lapriyè obligatwa yo lajounen kou lannwit: Fadjr, Dhor, Asr, Maghrib, ak Icha, avèk kondisyon yo, poto yo, ak obligasyon yo. Twazyèm poto a se: Bay lacharite ki obligatwa a (Zakat). Li se yon adorasyon finansye ki obligatwa sou chak richès ki rive nan yon kantite ki byen detèmine daprè lalwa Islamik, epi yo dwe bay li a moun ki gen dwa resevwa li yo. Katriyèm poto a se: Fè pèlerenaj la (Hadj). Sa se vwayaje ale Lamèk (Maka) pou akonpli rit sakre yo, kòm yon adorasyon pou Allah, Li menm ki gen tout glwa ak grandè. Senkyèm poto a se: Fè jèn nan mwa Ramadan an. Sa a se pa manje, pa bwè, ansanm ak lòt bagay ki kapab kase jèn nan, avèk entansyon pou adore Allah, soti depi lè douvanjou (Fadjr) rive jouk solèy kouche.
2 temwayaj yo lye youn ak lòt, konsa youn ladan yo pa ka valab si li pa gen lòt la; se poutèt sa yo fè yo tounen yon sèl poto.
2 temwayaj yo (Shahada) se baz relijyon an; pa gen okenn pawòl ni okenn aksyon kap aksepte san yo.
Sahih Al-Bukhari (1/ 11) (8).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 45) (16).
Plis (8)
و(1/ 88) (82).
فتح الباري لابن رجب (1/ 22).
جامع العلوم والحكم (1/147).
شرح الأربعين لابن العطّار (ص 62).
شرح الأربعين النووية لعبد الكريم الخضير (ص 87).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين للعباد (ص 29).
شرح الأربعين النووية لصالح آل الشيخ (ص 91 - 95).
التحفة الربانية لإسماعيل الأنصاري (ص 12).
Cited in books
16 Books- 2 ti liv tou kout sou Zaka ak Karèmفي بحوث هامة حول الزكاةIslam nan bati sou 5 poto: Bay temwayaj pa gen okenn lòt dye ki merite adore tout bon vre eksepte Allah, epi Muhammad se mesaje Allah; fè lapriyè (Salat); bay Zaka; fè jèn nan mwa Ramadan; epi al fè pèlerenaj nan Kay Allah a (Maka).
- 2 ti liv tou kout sou Zaka ak Karèmفي فضل صيام رمضان وقيامه «Lislam bati sou 5 poto : temwayaj ke pa gen dye sof Allah e ke Mouhammad se Mesaje Allah, akite lapriyè a, bay Zakat la, jene Ramadan, ak pelerinaj Lamèk »[6].
Plis (14)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ...»،
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ...»،
- خطب تعظيم قدر الصلاة"بُنِيَ الإِسْلاَمُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإِقَامِ الصَّلاَةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَالحَجِّ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ"
- فصول في الصيام والتراويح والزكاة«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ الْبَيْتِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ»
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَالحَجِّ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ» [174].
- قاموس الكبائر«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَالحَجِّ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ» [174].
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الرابعة«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَالْحَجِّ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ»[57].
- ما لا يسع المسلم جهله«بُنِيَ الإسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أنْ لَا إلَهَ إلَّا اللَّهُ وأنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإقَامِ الصَّلَاةِ، وَإيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ البَيْتِ، وصَوْمِ رَمَضَانَ»[1].
- مجموعة زاد الحديث (1)الحديث 1«بني الإسلام على خمس...»
- محاضرات تعظيم قدر الصلاةمحاضرات في تعظيم قدر الصلاة"بُنِيَ الإِسْلاَمُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإِقَامِ الصَّلاَةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَالحَجِّ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ " [21]
- مشروع منهاج زادكزادك 2 طالب نهائي«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ الْبَيْتِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ»
- منهج إعداد الدعاةالمفردة الرابعة -أركان الإسلام"بني الإسلام على خمس: شهادة أن لا إله إلا الله وأن محمدًا رسول الله..."
- نبراس طالب (1)1«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، وَإِقَامِ الصَّلاَةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَالحَجِّ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ»
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) «بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وإيتاءِ الزكاةِ، والحجِّ، وصوْمِ رمضانَ»