Skip to content

Dim yon pawòl konsènan Islam ke mwen pap gen poum poze okenn lòt moun kesyon sou li aprèw. Li te reponn: 'Di: Mwen kwè nan Allah, epi answit rete fèm sou chemen dwat la.

Bò kote Sufyan ibn Abdoullah Ath-Thaqafi (ke Allah satisfè de li), li te di:

Mwen te di: "Ya Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam ke mwen pap mande okenn lòt moun sou li sof ou menm." Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, epi rete fèm.»

قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، قُلْ لِي فِي الْإِسْلَامِ قَوْلًا لَا أَسْأَلُ عَنْهُ أَحَدًا غَيْرَكَ، قَالَ: «قُلْ: آمَنْتُ بِاللهِ، ثُمَّ اسْتَقِمْ».

Rapòte pa Mouslim ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Konpayon an, Sufyan bin Abdullah (ke Allah satisfè ak li), te mande Pwofèt la — benediksyon ak lapè Allah sou li — pou li anseye li yon pawòl konplè sou siyifikasyon Islam nan, pou li kenbe fèm ak li epi pou li pa poze pèsonn lòt moun kesyon sou sa? Epi li (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di li: Di: Mwen deklare Allah se sèl, epi mwen kwè Li se Mèt mwen, Senyè mwen, Kreyatè mwen, ak vrè Sila ki merite adorasyon mwen an, li pa gen okenn asosye, Aprèsa, li soumèt li pou obeyi Allah nan akonpli obligasyon Allah yo ak nan kite sa Allah entèdi yo, epi li kontinye sou sa.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Fondasyon relijyon an se lafwa nan Allah : kwè nan Seyèrite li (kòm Sèl Mèt ak Kreyatè), nan Divinite li (kòm Sèl ki merite adorasyon), ansanm ak nan Non li ak Atribi li yo.

Enpòtans pou yon moun rete dwat aprè li fin gen lafwa, pou li kontinye nan adorasyon, epi pou li rete fèm nan sa.

Lafwa (Iman) se yon kondisyon pou Allah aksepte aksyon yo.

Lafwa nan Allah gen ladanl sa yo dwe kwè pami kwayans lafwa yo ak baz li yo, epi sa ki swiv sa nan aksyon kè yo, ansanm ak soumèt tèt ou epi rann tèt ou devan Allah ni nan sa ki anndan w (nan fon kè w), ni nan sa ki parèt deyò (aksyon w).

Rete dwat la se toujou kenbe chemen an, nan fè obligasyon yo epi kite sa ki entèdi yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 65) (38).

Mousnad Ahmad (24/ 141) (15416).

Plis (5)

المفهم (1/137).

جامع العلوم والحكم (1/507).

فتح القوي المتين للعباد (ص 76).

شرح الأربعين النووية لعبد الكريم الخضير (ص 285).

شرح الأربعين لصالح آل الشيخ (ص 305).