Skip to content

San yon moun ki mizilman pa pèmèt pou koule eksepte nan youn nan 3 kondisyon sa yo

Daprè Ibn Mas'oud (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Li pa pèmèt pou koule san yon moun Mizilman, sòf nan youn nan 3 sitiyasyon sa yo: moun marye ki fè adiltè, yon nanm pou yon nanm, ak moun ki kite relijyon li an (Apostazi) epi ki separe ak kominote a.»

«لَا يَحِلُّ دَمُ امْرِئٍ مُسْلِمٍ إِلَّا بِإِحْدَى ثَلَاثٍ: الثَّيِّبُ الزَّانِي، وَالنَّفْسُ بِالنَّفْسِ، وَالتَّارِكُ لِدِينِهِ المُفَارِقُ لِلْجَمَاعَةِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè wè aklè ke san yon Mizilman sakre, sòf si li fè youn nan 3 bagay sa yo: Premye a: Moun ki tonbe nan move zak adiltè a (zina), epi li te deja marye avèk yon kontra ki valab; li vin legal pou yo touye li pa lapidasyon (kout wòch). Dezyèm ka a: Moun ki touye yon nanm sakre esprè san rezon valab, yo dwe touyel daprè kondisyon ki etabli yo. Twazyèm nan: Moun ki soti nan gwoup Mizilman yo; swa lè li kite relijyon Islam nan nèt (Apostazi), oswa moun ki separe ak yo san li pa fè apostazi lè li kite yon pati ladan li,tankou moun kap fè rebelyon yo, bandi gran chemen yo, ak konbatan nan pami Khawarij yo ansanm ak lòt moun ankò.

Pami benefis Hadith la

Li entèdi pou fè 3 aksyon sa yo, epi nenpòt moun ki fè youn ladan yo merite pinisyon lanmò: kit se pou enkwayans (Kufr), ki se moun ki kite relijyon Islam nan (Apostazi), oswa kòm yon pinisyon legal (Hadd), epi 2 lòt yo se: moun ki marye (oswa ki te marye deja) ki komèt adiltè, ak moun ki touye yon moun esprè.

Obligasyon pou pwoteje diyite ak onè moun, epi kenbe yo pwòp.

Obligasyon pou respekte yon mizilman, epi san li sakre.

Ankouraje moun yo pou yo rete atache ak gwoup mizilman yo, epi pou yo pa separe ak yo.

Jan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bon nan anseye, pafwa li te konn klase pawòl li an kategori; paske klasman an fè moun konprann kesyon yo byen, li rasanble yo, epi li fèl pi fasil pou moun memorize yo.

Allah te etabli lwa pinitif yo (hudud) pou fè kriminèl yo pè, epi pou pwoteje sosyete a ak prezèvel kont krim.

Aplikasyon limit oswa fwontyè sa yo se responsablite chèf Leta a (oswa moun ki gen otorite a).

Rezon pou touye moun yo plis pase 3 men yo pa soti andeyò yo. Ibn al-Arabi al-Maliki te di: "E yo pa soti andeyò 3 sa yo nan okenn ka, paske nenpòt moun ki pratike maji oswa ki joure Pwofèt Allah a, li tonbe nan 'Koufr' (Mekreyans); kidonk, li antre nan kategori moun ki kite relijyon li an."

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 5) (6878).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1302) (1676).

Plis (6)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص32).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص165).

تاج العروس من جواهر القاموس.

للزبيدي (2/ 115).