Skip to content

Nap gen pou nou wè Senyè nou an menm jan nou wè lalin sa a, nou pap jwenn okenn difikilte pou nou wè li.

Bò kote Jarir ibn Abdillah (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Nou te avèk Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), epi li te gade lalin nan yon lannwit - sa vle di lalin plènn nan - epi li te di: « Anverite, nou gen pou nou wè Seyè nou an menm jan nou wè lalin sa a, nou pap jwenn okenn difikilte pou nou wè Li. Kidonk, si nou kapab pou nou pa kite okenn bagay anpeche nou fè lapriyè (Salat) anvan solèy la leve ak anvan solèy la kouche, se pou nou fè sa. » Aprèsa li te li: « {Epi fè lwanj ak glwa pou Seyè ou anvan solèy la leve ak anvan solèy la kouche} »

كُنَّا عِنْدَ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَنَظَرَ إِلَى الْقَمَرِ لَيْلَةً -يَعْنِي الْبَدْرَ- فَقَالَ: «إِنَّكُمْ سَتَرَوْنَ رَبَّكُمْ كَمَا تَرَوْنَ هَذَا الْقَمَرَ، لَا تُضَامُونَ فِي رُؤْيَتِهِ، فَإِنِ اسْتَطَعْتُمْ أَنْ لَا تُغْلَبُوا عَلَى صَلَاةٍ قَبْلَ طُلُوعِ الشَّمْسِ وَقَبْلَ غُرُوبِهَا فَافْعَلُوا» ثُمَّ قَرَأَ: «{وَسَبِّحْ بِحَمْدِ رَبِّكَ قَبْلَ طُلُوعِ الشَّمْسِ وَقَبْلَ الْغُرُوبِ}»

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Konpayon yo te avèk Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) yon nwit, epi li te gade lalin nan - katòzyèm nwit lan -, epi li te di: An verite, kwayan yo ap wè Seyè yo a tout bon vre ak pwòp zye yo, san okenn konfizyon, epi yo pap bouskile youn lòt, ni yo p ap santi okenn fatig oswa difikilte lè yap wè Allah. Aprèsa ,Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Si nou kapab elimine tout sa ki distrè nou pou nou pa fè priyè douvanjou (Fajr) ak priyè apremidi ('Asr) la, se pou nou fè sa, epi akonpli tou 2 yon fason ki konplè, nan lè yo, an gwoup. Paske, sa se pami mwayen kap pèmèt nou gade figi Allah, Toupwisan an , Aprèsa li (lapè ak benediksyon Bondye sou li) li vèsè a: "{Epi bay Mèt ou a (Allah) glwa ak lwanj anvan solèy la leve epi anvan solèy la kouche}."

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Bòn nouvèl pou moun ki gen lafwa yo dèske yo pral wè Allah ki gen tout pouvwa a nan Paradi.

Pami metòd pou envite moun nan chemen sa a: mete aksan, bay ankourajman, ak bay egzanp.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 115) (554).

(6/ 139) (4851).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 439) (633).

Plis (12)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 259).

تذكرة المؤتسي شرح عقيدة الحافظ عبد الغني المقدسي.

لعبدالرزاق البدر (ص177).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (6/ 734).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمصطفى الخِن وغيره (2/ 776).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (13/ 271).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص1091).