Skip to content

Mwen te mande Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan gade pa aksidan (gade yon bagay entèdi san ou pat vle), epi li te pasem lòd poum detounen zyem (virel gade yon lòt kote).

Daprè Jarir ibn Abdillah (ke Allah agreye li) , li di:

Mwen te mande Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan gade pa aksidan (gade yon bagay entèdi san ou pat vle), epi li te pasem lòd poum detounen zyem (virel gade yon lòt kote).

سَأَلْتُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَنْ نَظَرِ الْفُجَاءَةِ فَأَمَرَنِي أَنْ أَصْرِفَ بَصَرِي.

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Jarir bin Abdullah (se pou Allah satisfè ak li) te poze Pwofèt la (benediksyon ak kè poze Allah sou li) yon kesyon sou yon gason ki gade yon fanm ki etranje pou li sanzatann san li pa fè esprè ? Pwofèt la (benediksyon ak kè poze Allah sou li) te ba li lòd, kote li te fèl konnen se yon obligasyon pou li vire figil yon lòt bò ak nan yon lòt direksyon touswit lè li rann li kont sa, epi pa gen okenn peche sou li.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou bese zyew.

Fè atansyon pou moun pa kontinye gade sa ki entèdi pou yo gade, si zye yo tonbe sou li sanzatann epi san yo pa fè esprè.

Sa montre ke entèdiksyon pou gade fanm se te yon prensip ki te byen etabli pami Konpayon yo. Prèv la se lefètke Jarir (ke Allah agreye l) te mande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa kap rive si zyel ta tonbe sou yon fanm san li pa fè esprè ; èske lalwa ap jijel menm jan ak yon moun ki fè esprè li gade?

Sa montre kouman lwa Allah a (Sharia) pran swen enterè ak byennèt sèvitè li yo, paske li entèdi yo gade medam yo (avèk dezi) akòz tout move konsekans sa ka pote nan lavi sou tè a ansanm ak nan lavi aprè lanmò a (nan lòt mond lan).

Konpayon yo te konn tounen vin jwenn Pwofèt la epi mandel sou sa ki pa klè pou yo, epi se konsa moun komen yo dwe tounen vin jwenn savan yo epi mande yo sou sa ki pa klè pou yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1699) (2159).

Plis (6)

نزهة المتقين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 1117).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (3/ 145).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (6/ 362).