Skip to content

An verite, Allah pa gade aparans nou ak richès nou, men Li gade kè nou ak aksyon nou yo.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«An verite, Allah pa gade aparans nou ak richès nou, men li gade kè nou ak aksyon nou yo».

«إِنَّ اللهَ لَا يَنْظُرُ إِلَى صُوَرِكُمْ وَأَمْوَالِكُمْ، وَلَكِنْ يَنْظُرُ إِلَى قُلُوبِكُمْ وَأَعْمَالِكُمْ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah Granmèt la (ki gen tout glwa pou Li) pa gade sou aparans sèvitè yo ak kò yo: èske yo bèl oubyen lèd? Èske yo gwo oubyen piti? Oubyen èske yo an sante oswa malad? Epi li pa gade richès yo, kit li anpil, kit li piti; paske Allah (ki gen tout pouvwa ak majeste) pa pini sèvitè li yo epi li pa jije yo sou bagay sa yo ak diferans ki genyen ant yo nan domèn sa a. Men, li gade kè yo, sa ki ladan li tankou lakrentif pou Allah ,lafwa ki byen chita , senserite ak angajman , oswa entansyon pou montre moun sa w p fè ak chèche renome. Li gade aksyon yo tou selon si yo bon oswa si yo move; se sou sa lap rekonpanse oswa pini yo.

Pami benefis Hadith la

Bay kè a enpòtans pou amelyorel, epi netwayel anba tout kalite defo ki merite kondanasyon.

Kè a bon gras avèk senserite, epi aksyon an bon gras avèk swiv Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li); se 2 bagay sa yo ki enpòtan epi ke Allah (ki gen tout pouvwa) pran an konsiderasyon.

Yon moun pa dwe kite richès li, ni bèlte li, ni kò li, ni okenn bagay nan aparans mond sa a twonpe li.

Avètisman kont pran abitid konsantre sèlman sou sa ki parèt deyò, san yo pa chèche amelyore sa ki nan kè (anndan).

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2564) (4/ 1986).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 40).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل المبارك (ص14).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 25).