« Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) te mansyone yon bagay, epi li te di: "Sa a ap rive nan moman kote konesans lan (syans relijye a) ap disparèt." »
Bò kote Ziyad ibn Labid (ke Allah satisfè de li), li te di:
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te mansyone yon bagay, epi li di: «Sa ap rive nan epòk kote konesans ap disparèt la.» Mwen di: "O Mesaje Allah a, kòman konesans lan ap fè disparèt alòske nap li Koran an, nap anseye pitit nou yo lil, epi pitit nou yo ap anseye pitit pa yo lil jiska Jou Rezirèksyon an?" Li di: «Ayayay pou ou, Ziyad! Mwen te konsiderew kòm youn nan gason ki gen plis konesans nan Medin. Èske Jwif ak Kretyen sa yo pa ap li Tora a ak Levanjil la, poutan yo pa mete an pratik anyen nan sa ki ladan yo?!
ذَكَرَ النَّبِيُّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ شَيْئًا، فَقَالَ: «ذَاكَ عِنْدَ أَوَانِ ذَهَابِ الْعِلْمِ» قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، وَكَيْفَ يَذْهَبُ الْعِلْمُ، وَنَحْنُ نَقْرَأُ الْقُرْآنَ وَنُقْرِئُهُ أَبْنَاءَنَا وَيُقْرِئُهُ أَبْنَاؤُنَا أَبْنَاءَهُمْ إِلَى يَوْمِ الْقِيَامَةِ؟ قَالَ: «ثَكِلَتْكَ أُمُّكَ زِيَادُ، إِنْ كُنْتُ لَأُرَاكَ مِنْ أَفْقَهِ رَجُلٍ بِالْمَدِينَةِ، أَوَلَيْسَ هَذِهِ الْيَهُودُ وَالنَّصَارَى يَقْرَؤونَ التَّوْرَاةَ وَالْإِنْجِيلَ، لَا يَعْمَلُونَ بِشَيْءٍ مِمَّا فِيهِمَا؟!».
Pwofèt la (ke Allah beni li epi ba li kè poze) te chita nan mitan konpayon li yo, epi li te di: "Sa a se moman kote konesans lan (syans relijye a) ap monte (ap retire) epi yap rache li nan men moun yo." Epi Ziyad ibn Labid Al-Ansari (Ke Allah satisfè de li) te etone, epi li te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), Lè sa a , youn nan konpayon yo(Ziyad ibn Labid Al-Ansari ) te mande: "Kijan konesans lan ka disparèt pami nou alòske nou li Koran an epi nou memorizel? Mwen fè sèman sou non Allah, nap kontinye lil, nap anseyel bay madanm nou, pitit nou ak tout pitit pitit nou yo." Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di avèk etònman: Se pou manman ou pèdi ou, O Ziyad! Mwen te vrèman konsidere ou pami savan moun Medin yo! Aprèsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre li: ke pèdi konesans lan se pa nan pèdi Koran an; men pèdi konesans lan se lè yo pa pratike li, Epi men Tora a ak Levanjil la ki nan men jwif yo ak kretyen yo; epi malgre sa, yo pat itil yo anyen, epi yo pat jwenn okenn benefis nan objektif yo; ki se pratike sa yo te konnen an.
...:
Prezans Koran an ak liv yo nan men pèp la pa bay okenn benefis san aplikasyon prensip ki ladan yo.
Gen plizyè faktè ki lakòz disparisyon konesans lan, tankou: lanmò Pwofèt la, lanmò savan yo, ansanm ak absans aplikasyon konesans lan nan lavi pratik.
Pami siy lè final la (lafen di mond), gen disparisyon konesans (syans relijye a) ak lè moun yo sispann aplike sa yo konnen an.
Nou dwe ankouraje moun yo pou yo aplike konesans lan (sa yo konnen an), paske se sa ki objektif prensipal la.
Sounna Ibn Majah (5/ 172) (4048).
Sounna At-Tirmidhi (4/ 328) (2653).
Mousnad Ahmad (39/ 417) (23990).
Plis (4)
الكاشف عن حقائق السُّنن (2/721).
المفهم (6/705).
مشارق الأنوار الوهاجة (2/146).
مرشد ذوي الحجا والحاجة إلى سنن ابن ماجه والقول المكتفى على سنن المصطفى (24/ 274).