Skip to content

Nenpòt moun ki fè woudou (ablisyon) menm jan avèk woudoum lan, epi li fè 2 " rakat" lapriyè san li pa kite lespril bay tèt li lòt panse, Allah ap padonne tout peche li te fè anvan sa.

...

Soti nan Humran, sèvitè Ousmane bin Affan, li te wè Ousmane bin Affan te mande dlo pou fè woudou. Li vide dlo sou men li sot nan veso a, li lave yo 3 fwa. Aprèsa , li mete men dwat li nan dlo a, li rense bouch li, li aspire dlo nan nen li epil mouche li. Aprèsa , li lave figil 3 fwa, li lave men li jiska koud yo 3 fwa, li pase men mouye sou tèt li, epi li lave chak pyel 3 fwa. Aprèsa, li di: 'Mwen te wè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè woudou menm jan mwen fèl la, epi li te di: Nenpòt moun ki fè woudou menm jan avèm , epi li fè 2 rakat lapriyè san li pa kite lespril bay tèt li lòt panse, Allah ap padonnel tout pechel te fè anvan sa.

عَنْ ‌حُمْرَانَ مَوْلَى عُثْمَانَ بْنِ عَفَّانَ أَنَّهُ رَأَى عُثْمَانَ بْنَ عَفَّانَ دَعَا بِوَضُوءٍ، فَأَفْرَغَ عَلَى يَدَيْهِ مِنْ إِنَائِهِ، فَغَسَلَهُمَا ثَلَاثَ مَرَّاتٍ، ثُمَّ أَدْخَلَ يَمِينَهُ فِي الْوَضُوءِ، ثُمَّ تَمَضْمَضَ وَاسْتَنْشَقَ وَاسْتَنْثَرَ، ثُمَّ غَسَلَ وَجْهَهُ ثَلَاثًا، وَيَدَيْهِ إِلَى الْمِرْفَقَيْنِ ثَلَاثًا، ثُمَّ مَسَحَ بِرَأْسِهِ، ثُمَّ غَسَلَ كُلَّ رِجْلٍ ثَلَاثًا، ثُمَّ قَالَ: رَأَيْتُ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَتَوَضَّأُ نَحْوَ وُضُوئِي هَذَا، وَقَالَ: «مَنْ تَوَضَّأَ نَحْوَ وُضُوئِي هَذَا ثُمَّ صَلَّى رَكْعَتَيْنِ لَا يُحَدِّثُ فِيهِمَا نَفْسَهُ غَفَرَ اللهُ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Ousmane (se pou Allah kontan avèl) te anseye fason Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè woudou a nan yon fason pratik, pou li te ka pi klè toujou. Li te mande dlo nan yon veso, li vide dlo sou men li 3 fwa. Aprèsa, li mete men dwat li nan veso a, li pran dlo avèl, li fèl vire nan bouch li epi li krachel. Aprèsa, li aspire dlo a ak souf li nan fon nen li, li fèl soti epi li netwayel. Aprèsa , li lave figi li 3 fwa, li lave men li ansanm ak koud yo 3 fwa, li pase men li ki mouye ak dlo sou tèt li yon sèl fwa, epi li lave pye li ansanm ak chevil yo 3 fwa." Lè li te fini (se pou Allah satisfè avè l), li te fè yo konnen ke li te wè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè woudou menm jan ak woudou sa a, epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anonse yo bòn nouvèl ke moun ki fè woudou menm jan ak woudou li a, aprèsa li fè 2 'Rakat ', avèk imilite pandan kè li prezan devan Mèt li a (ki gen tout pouvwa ak tout glwa) ladan yo, vreman Allah ap rekonpansel pou woudou konplè sa a ak priyè sensè sa a, lè Li padone li pou tout peche li te fè anvan yo.

Siyifikasyon mo yo

مولى عثمان: عتيقه، فحمران كان مملوكًا لعثمان رضي الله عنه فأعتقه عثمان.

وَضُوء: الماء الذي يتوضأ به. وأصل الوضوء من الوضاءة، وهي الحسن والنظافة فسمي وضوء الصلاة وضوءًا؛ لأنه يُنَظِّف صاحبه.

غفر له: غفر الله له، والمغفرة ستر الذنب والتجاوز عنه.

Pami benefis Hadith la

Li rekòmande pou lave 2 men yo anvan yo mete yo nan veso a nan kòmansman woudou a, menm si moun nan pat sot leve nan dòmi; sepandan, si li sot leve nan yon dòmi lannwit, se yon devwa pou li lave yo.

Li nesesè pou yon pwofesè itilize pi bon metòd ki posib pou fè elèv la konprann epi kenbe sal aprann lan, epi pami metòd sa yo, gen ansèyman nan aksyon (demonstrasyon pratik).

Moun kap lapriyè a ta dwe chase tout panse ki gen rapò ak bagay mond sa a. Vrè valè ak pèfeksyon lapriyè a chita nan prezans kè a (konsantrasyon). Si se pa sa, li difisil anpil pou yon moun evite panse sa yo; poutèt sa, li dwe fè efò sou tèt li epi li pa dwe kite panse sa yo anvayil.

Li rekòmande pou yon moun kòmanse ak bò dwat li lè lap fè woudou.

Obligasyon pou respekte lòd ant rense bouch, aspire dlo nan nen, ak mouche nen pandan woudou a.

Li rekòmande pou lave figi, men, ak pye yo 3 fwa, men obligasyon an se yon sèl fwa."

Padon Allah bay pou peche ki te pase yo depann sou konbinezon 2 bagay sa yo: fè woudou a ak fè 2 rakat lapriyè a, daprè fason yo dekri nan hadith la.

Chak manb nan kò a ki konsène nan woudou a gen limit li: Limit figi a se depi kote cheve yo konn pouse nan tèt la rive jis anba bab la ak manton an nan wotè, epi depi yon zòrèy rive nan lòt zòrèy la nan lajè. Limit men an se depi pwent dwèt yo rive nan koud la (koud la se jwenti ki ant avanbra a ak bra a). Limit tèt la se depi kote cheve yo konn pouse sou kote figi a rive jis nan nivo anwo kou a, epi siye zòrèy yo fè pati tèt la. Limit pye a se tout pye a nèt, ansanm ak jwenti ki ant pye a ak janb la (cheviy yo).

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 44) (164).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 204) (226).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 16).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص26).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (1/ 24).