Skip to content

Viv nan mond sa a tankou si ou se yon etranje oswa yon moun kap pase nan yon vwayaj.

Daprè Abdullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kenbe zepòl mwen, epi li te di:

« "Viv nan mond sa a tankou si ou se yon etranje oswa yon vwayajè kap pase." Epi Ibn Omar te konn di: "Si ou rive nan aswè, pa tann maten (pa mete espwaw nan demen), e si ou leve nan maten, pa tann aswè. Pran (pwofite) nan santew pou lèw malad, epi pran nan laviw pou lèw mouri." »

«كُنْ فِي الدُّنْيَا كَأَنَّكَ غَرِيبٌ أَوْ عَابِرُ سَبِيلٍ»، وَكَانَ ابْنُ عُمَرَ، يَقُولُ: إِذَا أَمْسَيْتَ فَلاَ تَنْتَظِرِ الصَّبَاحَ، وَإِذَا أَصْبَحْتَ فَلاَ تَنْتَظِرِ المَسَاءَ، وَخُذْ مِنْ صِحَّتِكَ لِمَرَضِكَ، وَمِنْ حَيَاتِكَ لِمَوْتِكَ.

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Ibn Omar (ke Allah satisfè ak tou 2) te mansyone ke Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te kenbe zepòl li ki se kote bra a konekte ak zepòl la epi li dil: "Viv nan mond sa a tankou si ou se yon etranje." Li tankou yon moun ki rive nan yon peyi kote li pa gen yon kay pou li rete, ni yon moun pou konsolel, li san fanmi, san pitit, epi san atachman ki ta ka fèl distrè lwen Kreyatè a. "Men, se pou ou menm pi pridan pase yon etranje, se pou ou tankou yon vwayajè kap pase sou chemen an kap chèche wout lakay li. Paske etranje a ka rive rete nan peyi kote li ye a epil enstalel, men sa pa menm bagay ak vwayajè a ki gen objektif poul rive nan yon destinasyon. Paske vwayajè a toujou chèche ale vit, li pa rete an plas, e li konsantrel sou rive nan peyi li. "Menm jan vwayajè a pa bezwen plis pase sa kap pèmèt li rive nan fen vwayaj li a, se konsa tou kwayan an pa bezwen plis nan mond sa a pase sa kap pèmèt li rive nan destinasyon final li (lavi etènèl la)." Ibn Oumar te mete konsèy sa a an pratik epi li te konn di: Lè ou leve nan maten, pa tann aswè, epi lè ou rive nan aswè, pa tann maten, epi konsidere tèt ou pami moun ki nan tonbo yo, paske lavi a pa janm san sante ak maladi; Prese pwofite jou ou gen bon sante yo pou ou obeyi Allah kòm preparasyon pou lèw malad; pwofite fè bon zèv pandan ou ansante anvan maladi anpechew fè yo, epi pwofite laviw nan mond sa a pouw rasanble ladan li sa kap ba ou benefis aprè lanmò w.

Pami benefis Hadith la

Mete men an sou zepòl elèv la pandan yap anseye li se yon fason pou fèl santi li alèz epi pou atire atansyon li.

Kòmanse bay konsèy ak gidans bay yon moun menm si li pat mande sa.

Bèl ansèyman Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan bay egzanp ki konvenkan, nan pawòl li: "Se pouw nan mond sa a tankouw se yon etranje oswa yon vwayajè kap pase."

Moun yo diferan nan fason yo vwayaje nan direksyon lavi aprè lanmò a; vwayajè kap pase a gen yon nivo detachman ki pi wo pase nivo etranje a.

Eksplikasyon sou jan esperans lavi a kout, ak nesesite pou nou prepare pou lanmò.

Adis la pa endike pou yo abandone mwayen sibzistans epi entèdi plezi lavi isiba yo; men okontrè, li endike yon ankourajman pou pratike detachman (Zuhd) parapò ak yo, epi pou pran sèlman ti kras ladan yo.

Prese fè bon aksyon yo anvan ou pa kapab fè yo ankò, epi yon maladi oswa lanmò vin anpechew.

Vèti Abdoullah pitit gason Omar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), kote li te touche pa konsèy sa a ki soti nan Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).

Peyi moun ki kwè yo se Paradi, konsa moun ki gen lafwa a se yon etranje nan lavi sou tè a, epi li se yon vwayajè ki nan wout pou lavi aprè lanmò a. Kidonk, li pa atache kè li ak anyen nan peyi etranje sa a, men, kè li atache pito ak peyi li a kote lap retounen an. Epi tan lap pase nan lavi sou tè a, se sèlman poul regle sa li gen bezwen ak prepare pwovizyon li poul retounen nan peyi li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 89) (6416).

Plis (6)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص90).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص390).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للنووي وابن رجب (ص131).