Èske mwen pa ta dwe rakonte nou yon pawòl sou Dajjal la, yon bagay okenn Pwofèt pat janm rakonte pèp li a? Vrèmanvre, li gen yon sèl zye, epi lap vini avèk yon resanblans Paradi a ak Lanfè a,
Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Èske mwen pa ta dwe rakonte nou yon pawòl konsènan Satan, yon pawòl okenn pwofèt pat janm rakonte pèp li a? Li gen yon sèl zye epi lap vini avèk sa ki sanble ak Paradi ak Lanfè. Konsa, sa li di ki se Paradi a, se Lanfè li ye. Epi vre, map avèti nou menm jan Noye te avèti pèp li a.»
«أَلاَ أُحَدِّثُكُمْ حَدِيثًا عَنِ الدَّجَّالِ، مَا حَدَّثَ بِهِ نَبِيٌّ قَوْمَهُ؟ إِنَّهُ أَعْوَرُ، وَإِنَّهُ يَجِيءُ مَعَهُ بِمِثَالِ الجَنَّةِ وَالنَّارِ، فَالَّتِي يَقُولُ إِنَّهَا الجَنَّةُ هِيَ النَّارُ، وَإِنِّي أُنْذِرُكُمْ كَمَا أَنْذَرَ بِهِ نُوحٌ قَوْمَهُ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) enfòme konpayon li yo sou satan, karakteristik li yo, ak siy li yo avèk enfòmasyon okenn lòt pwofèt anvan li pa te janm rakonte. Pami sa yo genyen: Li avèg nan yon grenn zye. Epi Allah, ki Trèwo a, te mete ansanm avèl yon bagay ki sanble ak yon Paradi ak yon Lanfè, daprè sa zye moun wè. Men, paradil la se dife (lanfè), epi difel la se paradi. Nenpòt moun ki obeyil, lap fèl antre nan paradi sa a daprè sa moun wè, men an reyalite se yon dife kap boule nèt; epi nenpòt moun ki dezobeyi li, lap fèl antre nan dife a daprè sa moun wè, men an reyalite se yon bon paradi ki agreyab. Aprèsa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti nou kont tribilasyon li a, menm jan Noye te avèti pèp li a kont li.
Gravite tantasyon Satan.
Delivrans anba eprèv fo Mesi a (Dajjal) posib gras ak yon lafwa ki sensè, chache refij nan men Allah Trèwo a, mande Allah pwoteksyon kont li nan dènye Tachahhoud la, epi memorize 10 vèsè nan kòmansman Sourat Al-Kahf la.
Gwo sousi ak lanmou san limit Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te genyen pou kominotel la (Oummah a), kote li te eskplike kwayan yo karakteristik Dadjal (fo mèsi a) nan yon fason okenn lòt pwofèt anvan li pat janm fè sa.
Sahih Al-Bukhari (4/ 134) (3338).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2250) (2936).