Skip to content

Gen kèk gason kap gaspiye richès Allah a (lajan piblik la) san dwa, yo pral jwenn dife lanfè jou jijman an.

Daprè Khawlah al-Ansariyah (ke Allah satisfè avèk li), li te di: mwen te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«Sètènman, gen moun kap itilize richès Allah san okenn dwa, pou moun sa yo, se Dife a kap gen pou yo nan Jou Jijman an.»

«إِنَّ رِجَالًا يَتَخَوَّضُونَ فِي مَالِ اللهِ بِغَيْرِ حَقٍّ، فَلَهُمُ النَّارُ يَوْمَ الْقِيَامَةِ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te avèti nou konsènan moun kap jere byen mizilman yo yon fason ki pa kòrèk, epi kap pran yo san dwa. Sa a se yon siyifikasyon jeneral ki konsène lajan, kit se fason yo ranmasel ak fason yo touchel yon fason ki pa legal, kit se fason yo depanse li nan bagay ki pa kòrèk. Nan sa a, li enkli: manje byen òfelen yo,byen relijye, refize remèt depo (amanah), ak pran lajan piblik san yo pa gen dwa pou sa. Aprèsa li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke pinisyon yo se dife Lanfè a nan jou Jijman an.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Byen ki nan men moun yo se byen Allah. Li ba yo responsablite sou li pou yo kapab depanse li nan fason ki pèmèt yo, epi pou yo evite sèvi avè li nan move fason. Sa a valab an jeneral pou otorite responsab yo ansanm ak tout rès moun yo.

Lalwa relijye a (Charya a) mete gwo aksan sou lajan piblik, epi nenpòt moun ki responsab yon pati ladan li, yap jijel jou jijman an sou fason li te ranmasel ak fason li te depansel.

Tonbe anba menas sa a, nenpòt moun ki sèvi ak yon byen nan yon fason ki pa legal, kit se byen pa li oubyen byen lòt moun.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 85) (3118).

Plis (6)

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 372).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 231).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 424).