Pa gen yon sèvitè (moun) Allah bay responsablite yon gwoup moun poul dirije, ki mouri nan jou li mouri a pandan li tap twonpe moun li tap dirije yo, san Allah pa entèdi Paradi a sou li.
Daprè Ma'qil ibn Yasar Al-Mouzaniy (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:
«Nenpòt sèvitè Allah bay responsablite yon gwoup moun, epi jou li mouri a li mouri pandan lap twonpe moun ki anba responsablite li yo; Allah ap entèdi Paradi a pou li.»
«مَا مِنْ عَبْدٍ يَسْتَرْعِيهِ اللهُ رَعِيَّةً، يَمُوتُ يَوْمَ يَمُوتُ وَهُوَ غَاشٌّ لِرَعِيَّتِهِ، إِلَّا حَرَّمَ اللهُ عَلَيْهِ الْجَنَّةَ».
Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) fè konnen ke nenpòt moun Allah mete kòm responsab pou dirije lòt moun, kit se yon responsablite jeneral tankou yon chèf, kit se yon responsablite espesifik tankou yon gason nan kay li oswa yon fanm nan kay li, si li neglije devwa li anvè moun sa yo, si li twonpe yo, si li pa ba yo konsèy, epi li gaspiye dwa yo (kit se dwa relijye oswa dwa nan lavi mond sa a), li merite chatiman grav sa a.
...:
Avètisman sa a pa limite sèlman pou gwo chèf leta a oswa Imam yo, men li valab pou nenpòt moun Allah mete kòm responsab sou yon gwoup moun.
Devwa chak moun ki responsab nenpòt bagay nan zafè Mizilman yo se bay yo bon konsèy, fè tout sal kapab pou li akonpli konfyans yo te mete nan li an, epi pran prekosyon kont trayizon.
Gran responsablite ki sou do nenpòt moun ki responsab lòt moun, kit se yon responsablite jeneral oswa espesifik, kit li gwo oswa piti.
Sahih Al-Bukhari (9/ 64) (7150).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 125) (142).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 706).
فيض القدير شرح الجامع الصغير.
للمناوي (5/ 488).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 543).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الثالث)«مَا مِنْ عَبْدٍ يَسْتَرْعِيهِ اللَّهُ رَعِيَّةً، يَمُوتُ يَوْمَ يَمُوتُ وَهُوَ غَاشٌّ لِرَعِيَّتِهِ، إِلَّا حَرَّمَ اللَّهُ عَلَيْهِ الْجَنَّةَ»
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 3«ما مِنْ عَبْدٍ يَستَرعِيهِ اللهُ رعِيَّةً، يَمُوتُ يَومَ يَمُوتُ وَهُوَ غَاشٌّ لِرَعِيَّتِهِ، إلَّا حَرَّمَ اللهُ عَلَيهِ الجَنَّةَ».