Skip to content

Dwa Allah sou sèvitè yo, se pou yo adorel san yo pa asosye anyen avèl. Epi, dwa sèvitè yo sou Allah,se pou Li pa pini moun ki pa asosye anyen avè l.

Soti bò kote Mou'az (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

« Mwen te dèyè pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) sou yon bourik yo te rele ‘Ufayr. Li te dim: "O Mou'az ! Èske ou konnen ki dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, epi ki dwa sèvitè yo genyen sou Allah ?" Mwen te reponn: "Allah ak Mesaje li a konnen pi byen." Li te di: "Dwa Allah sou sèvitè yo, se pou yo adorel san yo pa asosye anyen avèk li. Epi, dwa sèvitè yo sou Allah, se pou Li pa pini moun ki pa asosye anyen avè l." Mwen te di: "O Mesaje Allah ! Èske mwen pa dwe bay moun yo bon nouvèl sa a?" Li te reponn: "Pa bay yo bon nouvèl sa a, paske yap vin apiye sou li (yap vin neglijan nan aksyon yo)." »

كُنْتُ رِدْفَ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَلَى حِمَارٍ يُقَالُ لَهُ عُفَيْرٌ، فَقَالَ: «يَا مُعَاذُ، هَلْ تَدْرِي حَقَّ اللَّهِ عَلَى عِبَادِهِ، وَمَا حَقُّ العِبَادِ عَلَى اللَّهِ؟»، قُلْتُ: اللَّهُ وَرَسُولُهُ أَعْلَمُ، قَالَ: «فَإِنَّ حَقَّ اللَّهِ عَلَى العِبَادِ أَنْ يَعْبُدُوهُ وَلا يُشْرِكُوا بِهِ شَيْئًا، وَحَقَّ العِبَادِ عَلَى اللَّهِ أَنْ لا يُعَذِّبَ مَنْ لا يُشْرِكُ بِهِ شَيْئًا»، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللَّهِ أَفَلاَ أُبَشِّرُ بِهِ النَّاسَ؟ قَالَ: «لا تُبَشِّرْهُمْ، فَيَتَّكِلُوا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke Allah benil epi ba li kè poze) montre ki dwa Allah genyen sou sèvitè yo, epi ki dwa sèvitè yo genyen sou Li. Li montre ke dwa Allah sou sèvitè yo se pou yo adore li poukont li, epi pou yo pa asosye anyen avè li. Epi dwa sèvitè yo genyen sou Allah, se pou li pa pini moun ki adore li sèlman yo epi ki pa ba li okenn asosye nan anyen. Answit Mou'az te di: O Mesaje Allah, èske mwen pa ta dwe bay moun yo bòn nouvèl la pou yo ka santi lajwa epi rejwi pou favè sa a? Epi Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te entèdi li, paske li te pè pou yo pa apiye yo sou li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Eksplikasyon sou dwa Allah (Trè Wo a) rann obligatwa sou sèvitè li yo, ki se pou yo adore li, san yo pa ba li okenn asosye nan anyen.

Eksplikasyon sou dwa sèvitè yo genyen sou Allah Toupwisan an, yon dwa Li te rann obligatwa sou tèt Li kòm yon favè ak yon benediksyon ki soti nan Li, se pou li fè yo antre nan Paradi a, epi pou li pa ba yo chatiman.

Gen ladan li yon gwo bòn nouvèl pou moun ki kwè nan inisite Allah yo, sa yo ki pa mete anyen bò kote Allah Toupwisan an, ki fè konnen destinasyon yo se antre nan Paradi.

Mou'az te rapòte hadith sa a anvan lanmò li; paske li te pè tonbe nan peche kache konesans.

Gen yon avètisman sou fason pou nou evite pataje sèten hadith ak kèk moun, paske nou pè pou yo pa rive konprann sans pwofon yo; sa konsène sitou koze ki pa mande pou yo mete yo an pratik oswa ki pa gen rapò ak limit lalwa Allah a (charia).

Moun ki fè peche pami moun ki kwè nan inite Allah yo (Al-Muwahhidun), yo rete anba volonte Allah : si Li vle, Li pini yo, epi si Li vle, Li padone yo. Aprèsa destinasyon final yo se nan Paradi.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 29) (2856).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 58) (30).

(1/ 627).

Plis (5)

المحكم لابن سيده (10/26).

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 203).

فتح الباري (11/340.

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (1/ 623).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (14/ 148).