Skip to content

"Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li."

Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, soti nan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»

«لاَ يُؤْمِنُ أَحَدُكُمْ، حَتَّى يُحِبَّ لِأَخِيهِ مَا يُحِبُّ لِنَفْسِهِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke pèsonn pami mizilman yo pap gen lafwa ki konplè a jiskaske li renmen pou frè li sa li renmen pou pwòp tèt li pami zak obeyisans yo ak tout kalite sa ki byen nan relijyon an ak nan lavi isiba a, epi pou li rayi pou li sa li rayi pou pwòp tèt li. Konsa, si li wè yon mank nan relijyon frè mizilman li an, li fè efò pou korije li, epi si li wè sa ki byen ladan li, li ankouraje li epi li ede li, epi li ba li konsèy nan zafè relijyon li oswa lavi li isiba.

Pami benefis Hadith la

Obligasyon pou yon moun renmen pou frè li sa li renmen pou pwòp tèt li; paske lefètke yon moun pap gen lafwa si li pa renmen pou frè li sa li renmen pou pwòp tèt li, sa montre ke sa se yon obligasyon.

Fratènite nan Allah pi wo pase fratènite nan fanmi (moun ki menm san ak ou), kidonk dwa li pi obligatwa.

Entèdi tout sa ki kontrè ak lanmou sa a, kit se pawòl oswa aksyon, tankou twonpri (ghish), tripotay (ghibah), jalouzi (hasad), oswa vyole lavi, byen, oswa diyite yon lòt Mizilman.

Itilizasyon kèk tèm ki ankouraje aksyon an (ki motive moun nan pou l aji); sa a parèt klè nan pawòl la: 'pou frè li'.

Al-Kirmani, se pou Allah fèl mizèrikòd, te di: "Epi, sa fè pati lafwa tou pou li rayi pou frè li sa li rayi pou tèt pa li kòm mal, epi li pa te mansyone sa; paske renmen yon bagay enplike rayi kontrè li a, konsa li pat presize li klèman paske sa te deja sifi."

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 12) (13).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 67) (45).

Plis (23)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

مطبعة دار نشر الثقافة.

الإسكندرية.

الطبعة: الأولى.

1380 هـ.

شرح الأربعين النووية.

للشيخ ابن عثيمين.

دار الثريا للنشر.

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

دار ابن القيم.

الدمام المملكة العربية السعودية.

الطبعة: الأولى.

1424هـ/2003م.

الفوائد المستنبطة من الأربعين النووية.

للشيخ عبد الرحمن البراك.

دار التوحيد للنشر.

الرياض.

الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.

لعبد الله بن صالح المحسن.

نشر: الجامعة الإسلامية.

المدينة المنورة.

الطبعة: الثالثة.

404هـ/1984م.