Skip to content

Pa gen maryaj san yon Wali.

Daprè Abou Mousa (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pa gen maryaj esepte avèk yon wali.»

«لا نِكَاحَ إِلّا بِوَليٍّ».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te montre klè ke maryaj yon fanm pa valab eksepte avèk yon wali ki fè kontra maryaj la.

Siyifikasyon mo yo

لا نكاح : لا نكاح صحيح ومعتبر شرعًا.

الوَلِيُّ : هو أقرب الرجال إلى المرأة من عصبتها الذين يرثونها، كالأب والأخ.

Pami benefis Hadith la

Responsab la (Wali a) se yon kondisyon pou maryaj la ka valab. Si li fèt san yon responsab, oswa si fi a marye pwòp tèt li, maryaj la pa valab.

Responsab la (Waliy) se fanmi gason ki pi pwòch fanm nan, kidonk yon responsab ki lwen pa gen dwa bay li nan maryaj si gen youn ki pi pwòch pasel ki la.

Pou yon moun ka responsab (Wali), gen kondisyon ki egzije: fòk li gen kapasite legal antan ke yon granmoun ki gen tout bonsans li (Taklif), fòk li se yon gason, fòk li gen matirite poul konprann enterè ki genyen nan maryaj la, epi fòk gen menm relijyon ant responsab la ak moun lap okipe zafèl la (fi kap marye a). Konsa, nenpòt moun ki pa reyini kalite sa yo lakay li, li pa kalifye poul pran responsablite sa a (Wilayah) nan yon kontra maryaj.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (3/ 427) (2085).

Sounna At-Tirmidhi (2/ 392) (1101).

Sounna Ibn Majah (3/ 79) (1881).

Mousnad Ahmad (32/ 280) (19518).

Plis (10)

البدرُ التمام شرح بلوغ المرام.

للمَغرِبي (7/ 57).

إرواء الغليل في تخريج أحاديث منار السبيل.

للألباني (6/ 237).

توضِيح الأحكام من بلوغ المَرَام.

للبسام (5/ 262).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (7/ 222).

فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (4/ 469).