Moun ki goute vrè gou lafwa a (dousè lafwa a), se moun ki aksepte Allah kòm Mèt li ak tout kèl, ki aksepte Islam kòm relijyon li, epi ki aksepte Muhammad kòm Mesaje Allah
Daprè Al-Abbas ibn Abd al-Muttalib (se pou Allah satisfè avè l), li te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:
Moun ki goute dousè lafwa a (vrè gou lafwa a), se moun ki aksepte Allah kòm Mèt li ak tout kèl, ki aksepte Islam kòm relijyon li, epi ki aksepte Muhammad kòm Mesaje Allah voye a.
«ذَاقَ طَعْمَ الْإِيمَانِ مَنْ رَضِيَ بِاللهِ رَبًّا، وَبِالْإِسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ رَسُولًا».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen kwayan ki sensè nan lafwa li a, kote kèl poze nèt ak sa, pral jwenn epi resanti nan fon kè li yon soulajman, yon lapè enteryè, yon lajwa, yon dousè, ak plezi pou li santil prè Allah ki Pi Wo a, si sèlman li aksepte 3 bagay sa yo ak tout kè li: Premyèman : Li aksepte Allah kòm Mèt li ak tout kè li; sa vle di kèl ak lespril louvri pou aksepte tout sak rivel nan men Allah daprè pouvwa Li kòm Mèt siprèm—tankou fason Li pataje richès ak divès sitiyasyon lavi a—yon fason poul pa gen okenn objeksyon nan fon kèl kont anyen nan sa yo, epi li pa janm chèche yon lòt Mèt pase Allah ki Pi Wo a. Dezyèmman : Li aksepte Islam kòm relijyon li ak tout kè li ; sa vle di kèl ak lespril louvri pou aksepte tout sa Islam nan gen ladan li tankou obligasyon ak devwa relijye yo, epi li pa janm chèche mache nan okenn lòt chemen apa chemen Islam lan. Twazyèmman: Satisfè ak Muhammad (Se pou lapè ak benediksyon Allah Toupwisan an kouvri li) kòm Mesaje, epi sa vle di pou kèl louvri epi li kontan ak tout sa li te pote, san okenn ezitasyon ni okenn dout, konsa li pa swiv okenn chemen eksepte sa ki konfòm ak gidans li (Se pou lapè ak benediksyon Allah Toupwisan an kouvri li).
Lafwa gen yon dousè ak yon gou moun goute ak kè yo, menm jan yo goute dousè manje ak bwason ak bouch yo.
Kò a pa jwenn dousè manje ak bwason toutotan li pa an sante; se menm jan an tou pou kè a, si li libere anba maladi move pasyon ki ka pèdil ak anvi ki entèdi yo, lap jwenn dousè lafwa a. Men lè kè a malad epi li febli, li pap jwenn dousè lafwa a, bal menm ka rive twouve dousè nan bagay ki pral detwil yo, tankou move pasyon ak peche.
Lè yon moun aksepte yon bagay ak tout kè li epi li wè li bon, sa vini fasil pou li, anyen ladan li pa parèt difisil pou li ankò, li kontan ak tout sa bagay sa a pote, epi lajwa sa a plen fon kè li; se menm jan an tou pou kwayan an, lè lafwa antre nan kèl , obeyi Mèt li vin fasil, nanm li jwenn plezi nan sa, epi fè efò pou obeyi pa parèt lou ditou pou li.
Ibn al-Qayyim te di : Adit sa a chita sou aksepte Allah ak tout kèw kòm sèl Mèt ak sèl Kreyatè ki merite adorasyon, soumèt ou nèt devan Mesaje Allah a epi aksepte relijyon li an san okenn dout.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 62) (34).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (2/ 11).
إكمال المعلم بفوائد مسلم (1/ 270).
Cited in books
7 BooksPlis (7)
- التوحيد في ضوء عقيدة الإمام الشافعي رحمه الله ونصوصه ومروياته" ذاق طعم الإيمان من رضي بالله ربا، وبالإسلام دينا، وبمحمد رسولا ".([139])
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الأول)«ذَاقَ طَعْمَ الإِيمَانِ مَن رَضِيَ بِاللَّهِ رَبًّا، وَبِالإِسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ ﷺ رَسُولًا»
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«ذَاقَ طَعْمَ الإِيمَانِ مَنْ رَضِيَ بِاللهِ رَبًّا، وَبِالإِسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ رَسُوْلًا»
- المناهج التعليمية - الصف الثانيمادة التوحيد - الصف الثاني«ذَاقَ طَعْمَ الإيمَانِ مَن رَضِيَ بِاللَّهِ رَبًّا، وَبِالْإِسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ ﷺ نَبِيًّا» [5].
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«ذَاقَ طَعْمَ الإِْيمَانِ مَنْ رَضِيَ بِاللهِ رَبًّا، وَبِالإِْسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ رَسُولًا» [45].
- خطب تعظيم قدر الصلاة" ذَاقَ طَعْمَ الْإِيمَانِ مَنْ رَضِيَ بِاللهِ رَبًّا، وَبِالْإِسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ رَسُولًا"
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (2)1«ذَاقَ طَعْمَ الإِيمَانِ مَنْ رَضِيَ بالله رَبًّا، وَبِالإِسْلاَمِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ رَسُولًا»