Relijyon an se konsèy (pou moun byen viv).
Daprè Abou Rouqayyah Tamim ibn Aws ad-Dari (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"«Relijyon an se konsèy ki sensè.» Nou mande li: «Pou ki moun ?» Li reponn: «Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi pou pèp la an jeneral.»"
«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «لِلهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke relijyon an chita sou senserite ak di laverite, pou li ka akonpli jan Allah rann li obligatwa a, yon fason ki konplè san okenn mankman oswa twonpri. Yo mande Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Pou ki moun konsèy ki sensè a ye ? Li reponn: Premyèman: Sensèrite anvè Allah Toupwisan an: se fè tout aksyon pou li sèlman, pa asosye anyen avèk li, kwè nan li kòm Senyè a ak nan divinite li, nan non li yo ak nan atribi li yo, onore kòmandman li yo, epi envite moun vin kwè nan li. Dezyèm: Sensèrite anvè Liv li a ki se Koran ki Sen an: sa vle di fòk nou kwè ke li se pawòl Allah menm, se li ki dènye nan Liv Li yo, epi li ranplase tout lwa ki te la anvan li yo. Nou dwe devlope yon respè pwofon pou grandè li, fè lekti li jan sa dwe fèt la, mete an pratik sa ki klè ladan li yo, soumèt nou devan sa ki mwens klè yo, defann li kont move entèpretasyon moun kap falsifyel yo, tire leson nan konsèy li yo, simaye konesans li yo, epi envite moun vin jwenn li. Twazyèmman: Konsèy pou Mesaje li a, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li): se pou nou kwè li se dènye pwofèt la, pou nou konfime tout sa li te pote, pou nou obeyi kòmandman li yo, pou nou evite sa li te entèdi yo, pou nou pa adore Allah lòt jan pase jan li te montre nou an, pou nou bay dwa li enpòtans, pou nou respektel, pou nou gaye mesaj li a, pou nou pibliye lwa li yo, epi pou nou rejte tout akizasyon ki fèt kont li. Katriyèmman: Sensèrite pou chèf Mizilman yo: se ede yo nan sa ki verite a, pa leve kont otorite yo, epi koute yo ak obeyi yo nan obeyisans Allah. Senkyèmman: Konsèy pou mizilman yo: nan aji avèk yo ak Pèfeksyon epi envite yo, evite fè yo ditò, renmen (Mahabbah) sa ki byen pou yo, epi kolabore avèk yo nan sa ki byen ak nan krentif pou Allah.
Lòd pou ofri konsèy bay tout moun.
Gwo plas konsèy genyen nan relijyon an.
Relijyon an gen ladan li kwayans, pawòl, ak aksyon.
Pami sa ki fè yon konsèy (nasiha) vin vrè, se pouw netwaye nanm ou sou nenpòt riz kont moun wap bay konsèy la, epi pouw swetel sa ki byen.
Bèl fason Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseye, kote li mansyone yon bagay an jeneral epi answit li detaye li.
Kòmanse ak sa ki pi enpòtan an, answit sa ki vin aprèl la, jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kòmanse ak konsèy ki sensè pou Allah, aprèsa pou Liv li a, aprèsa pou Mesaje li a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), aprèsa pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi aprèsa pou pèp la an jeneral.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 74) (55).
Plis (4)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثا النووية (ص21).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص115).
شرح النووي على مسلم (2/ 37).
Cited in books
11 BooksPlis (11)
- الحديث زاد 4الحديث 4«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنا: لِمَنْ؟ قال: «لِلَّهِ وَلِكِتابِهِ وَلِرسولِهِ وَلِأَئِمَّةِ المُسْلِمِينَ وَعامَّتِهِمْ».
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «لِلَّهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلأَِئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ» [99]
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«الدِّينُ النَّصِيحَةُ»، قُلْنَا: لِمَنْ ؟ قَالَ: «لله وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلأئمَّةِ المُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ».
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثالثة«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قلنا: لمن؟ قال: «لِلَّهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ» [106].
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)التربية الأسلامية 1«الدِّينُ النّصِيحةُ»، قُلْنا: لِمنْ؟ قال:«لِلّهِ ولِكِتابِهِ ولِرسُولِهِ ولِأئِمّةِ الْمُسْلِمِين وعامّتِهِمْ»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)التربية الأسلامية 1«الدِّينُ النّصِيحةُ»، قُلْنا: لِمنْ؟ قال: «لِلّهِ ولِكِتابِهِ ولِرسُولِهِ ولِأئِمّةِ الْمُسْلِمِين وعامّتِهِمْ»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- «الدِّينُ النَّصِيحَةُ»، قلنا: «لمن؟»، قال: «ﷲِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ»
- مشروع منهاج زادكزادك 2 طالب نهائي«الدِّينُ النَّصِيحَةُ». قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «للهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ»
- نبراس طالب (1)1«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «لِلهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ»
- نبراس طالب (1)1«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «لِله وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ»
- نبراس طالب (3)نبراس طالب 3«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «للهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ»