Skip to content

Tout manb kominote mwen an ap antre nan Paradi a, eksepte moun ki refize.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Tout kominotem nan ap antre nan Paradi a, esepte moun ki refize.» Yo te di: O Mesaje Allah a, epi kiyès kap refize? Li te di: «Moun ki obeyi mwen lap antre nan Paradi a, epi moun ki dezobeyi m, se li ki refize.»

«كُلُّ أُمَّتِي يَدْخُلُونَ الْجَنَّةَ إِلَّا مَنْ أَبَى»، قَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ، وَمَنْ يَأْبَى؟ قَالَ: «مَنْ أَطَاعَنِي دَخَلَ الْجَنَّةَ، وَمَنْ عَصَانِي فَقَدْ أَبَى».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke tout moun nan kominote li a ap antre nan Paradi a, eksepte moun ki refize! Lè sa a, konpayon yo (ke Allah satisfè avèk yo) te mande: "E kiyès ki tap refize, O Mesaje Allah ?" Li te reponn yo (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): "Nenpòt moun ki soumèt tèt li, ki swiv, epi ki obeyi Mesaje a (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) ap antre nan Paradi a. Kanta pou moun ki dezobeyi epi ki pa soumèt tèt li nan lwa senyè toupwisan an (charia), li menm li refize antre nan Paradi a akoz move aksyon li yo."

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Obeyi Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) se yon fason pou obeyi Allah, epi dezobeyi li se yon fason pou dezobeyi Allah.

Obeyi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) mennen nan Paradi, epi dezobeyi li mennen nan Lanfè.

Sa a se yon bon nouvèl pou moun kap obeyi nan kominote sa a, paske yo tout ap antre nan Paradi a, sof moun ki dezobeyi Allah ak Mesaje Li a.

Kè sansib pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te genyen pou kominote li a, ak gwo sousi li te genyen pou gide yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 92) (7280).

Plis (14)

فيض القدير شرح الجامع الصغير.

للمناوي.

المكتبة التجارية الكبرى – مصر.

الطبعة: الأولى.

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين لسليم الهلالي.

ط1.

دار ابن الجوزي.

الدمام.

1415هـ.

التيسير بشرح الجامع الصغير.

للمناوي.

مكتبة الإمام الشافعي.

الرياض.

ط3.