Skip to content

Èske nou vlem montre nou sa kap fè Allah efase peche nou yo epi monte nivo/ran nou nan Paradi a?

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Èskem pa ta dwe endike nou sa Allah itilize pou Li efase peche yo epi elve degre yo?» Yo te reponn: «Wi, O Mesaje Allah.» Li te di: «Akonpli ablisyon an yon fason ki pafè malgre difikilte yo, fè anpil pa pou ale nan moske yo, epi tann yon lapriyè aprè yon lòt; ebyen, sa a se angajman konstan an.»

«أَلَا أَدُلُّكُمْ عَلَى مَا يَمْحُو اللهُ بِهِ الْخَطَايَا، وَيَرْفَعُ بِهِ الدَّرَجَاتِ؟» قَالُوا بَلَى يَا رَسُولَ اللهِ قَالَ: «إِسْبَاغُ الْوُضُوءِ عَلَى الْمَكَارِهِ، وَكَثْرَةُ الْخُطَا إِلَى الْمَسَاجِدِ، وَانْتِظَارُ الصَّلَاةِ بَعْدَ الصَّلَاةِ، فَذَلِكُمُ الرِّبَاطُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te mande konpayon li yo si yo vlel montre yo bon aksyon kap lakòz peche yo padone, kap efase yo nan liv zanj ki responsab ekri aksyon yo, epi kap fè yo jwenn ran ki pi wo nan Paradi a. Konpayon yo te di: Wi, nou vle sa. Li te di: Premye pwen an se: byen fè epi konplete woudou a malgre difikilte; tankou fredi, mank dlo, doulè nan kò a, ak dlo cho. Dezyèmman : Fè anpil pa — ki se distans ant 2 pye yo — pou ale nan moske yo poutèt kay la lwen, epi repete ale sa a souvan. Twazyèm nan: Tann lè lapriyè a, atache kè a ak li, prepare pou li, epi chita nan moske a pou tann lapriyè an gwoup la. Konsa, lè moun nan fin fè lapriyè a, li rete tann nan plas kote li te priye a pou yon lòt lapriyè. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre aksyon sa yo se yo menm ki vrè fòm veye ak gad solid la (Al-Murabata); paske yo bare tout wout Satan ta ka pran sou nanm nan, yo metrize move dezi yo, epi yo anpechel koute vye chichotman. Konsa, pati Allah a triyonfe sou lame Satan an; epi se sa ki pi gwo konba a (Al-Jihad Al-Akbar), sa fè li gen menm valè ak yon sòlda kap veye sou liy devan pou defann kont lènmi an.

Pami benefis Hadith la

Enpòtans pou moun toujou fè lapriyè an gwoup nan moske a, epi pou yo pran lapriyè yo oserye san yo pa kite lòt bagay distrè yo pou anpeche yo fè yo.

Bèl fason Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te prezante mesaj la epi eksite kiryozite konpayon li yo lè li te kòmanse pale sou yon gwo rekonpans sou fòm kesyon; epi sa se youn nan pi bon metòd ansèyman.

Avantaj lèw prezante yon sijè sou fòm kesyon ak repons se pou pawòl la ka fè plis efè nan lespri moun nan, gras ak mistè (kiryozite) kesyon an kreye anvan epi eskplikasyon klè ki vin aprè a.

Imam An-Nawawi (se pou Allah gen mizèrikòd pou li) te di: « "Sa se vrè veye a (Al-Ribat)" vle di: veye ak konsantrasyon sa a yo ankouraje moun fè a. Orijin mo Ribat la vle di kenbe/bloke tèt ou sou yon bagay, kòmsi moun nan mare epi kenbe nanm li sèlman nan obeyisans sa a. Yo di tou: se fòm Ribat ki pi siperyè a, menm jan yo di: pi gwo konba a se goumen ak pwòp tèt ou . Epi li posib tou sa vle di fòm Ribat ki fasil epi ki posib pou tout moun fè, sa vle di: li se youn nan kalite Ribat ki egziste yo.

Mo « Al-Ribat » (الرباط) la te repete epi yo te mete atik defini a (« Al » / ال) devan li ; sa fèt pou montre grandè, enpòtans ak valè ekstrawòdinè aksyon sa yo genyen.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 219) (251).

Plis (8)

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين.

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 183).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 209).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 158).