«Sou kisa pou nou prètew sèman?» Li di: «Sou pou nou adore Allah epi pou nou pa asosye anyen avèl, epi 5 lapriyè (Salat) yo, epi pou nou obeyi,» – epi li te di yon pawòl an sekrè – «epi pou nou pa mande moun anyen.»
Li soti nan Abu Muslim al-Khawlani, li te di: Byenneme ki diy de konfyans lan te rakontem, kanta pou li menm, li se yon byenneme pou mwen, epi bò kote pam, li diy de konfyans, Awf ibn Malik al-Ashja'i — se pou Allah kontan avèk li — li te di:
Nou te bò kote Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li), nou te 9 oswa 8 oswa 7 moun, epi li di: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Kòm nou te fèk sot fè yon sèman, nou te reponn: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah. Aprèsa li di: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Nou reponn: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah. Aprèsa li di ankò: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Li (raportè a) di: Lè sa a, nou te lonje men nou epi nou di: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah, kidonk sou kisa pou nou fè sèman ba ou kounye a? Li di: «Sou angajman pou nou adore Allah san nou pa asosye okenn bagay avèk li, pou nou akonpli 5 priyè yo, epi pou nou obeyi» —epi li te ajoute yon pawòl an sekrè tou ba— «epi pou nou pa mande moun anyen.» Depi lè a, mwen te konn wè kèk pami gwoup moun sa yo, lè fwèt youn ladan yo te konn sot tonbe, li pa tap janm mande okenn moun pou pase li ba li anyen.
كُنَّا عِنْدَ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، تِسْعَةً أَوْ ثَمَانِيَةً أَوْ سَبْعَةً، فَقَالَ: «أَلَا تُبَايِعُونَ رَسُولَ اللهِ؟» وَكُنَّا حَدِيثَ عَهْدٍ بِبَيْعَةٍ، فَقُلْنَا: قَدْ بَايَعْنَاكَ يَا رَسُولَ اللهِ، ثُمَّ قَالَ: «أَلَا تُبَايِعُونَ رَسُولَ اللهِ؟» فَقُلْنَا: قَدْ بَايَعْنَاكَ يَا رَسُولَ اللهِ، ثُمَّ قَالَ: «أَلَا تُبَايِعُونَ رَسُولَ اللهِ؟» قَالَ: فَبَسَطْنَا أَيْدِيَنَا وَقُلْنَا: قَدْ بَايَعْنَاكَ يَا رَسُولَ اللهِ، فَعَلَامَ نُبَايِعُكَ؟ قَالَ: «عَلَى أَنْ تَعْبُدُوا اللهَ وَلَا تُشْرِكُوا بِهِ شَيْئًا، وَالصَّلَوَاتِ الْخَمْسِ، وَتُطِيعُوا -وَأَسَرَّ كَلِمَةً خَفِيَّةً- وَلَا تَسْأَلُوا النَّاسَ شَيْئًا» فَلَقَدْ رَأَيْتُ بَعْضَ أُولَئِكَ النَّفَرِ يَسْقُطُ سَوْطُ أَحَدِهِمْ، فَمَا يَسْأَلُ أَحَدًا يُنَاوِلُهُ إِيَّاهُ.
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te pami yon gwoup nan Konpayon yo, epi li te mande yo 3 fwa pou yo sèmante fidèlite ba li epi fè yon pak avèl pou yo respekte kèk bagay: Premye a: Adore Allah sèlman nan obeyi lòd Li yo epi evite sa Li entèdi yo, epi pou yo pa asosye anyen avèk Li. Dezyèm pilye a: Pratike 5 priyè (Salat) obligatwa yo pandan jounen an ak lannwit lan. Twazyèm nan: Tande epi obeyi nan sa ki byen pou sila ki gen otorite sou Mizilman yo. Katriyèm nan: Remèt tout bezwen yo bay Allah epi pa mande moun anyen ladan yo, epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bese vwa li pou sa. Epi Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) te mete an pratik sa yo te fè sèman sou li a, jiskaske moun ki rapòte adis la te di: Mwen te wè kèk nan Konpayon sa yo, lè frèt youn nan yo te tonbe, li pat mande pèsonn pou lonjel ba li, men pito li te desann epi li pranl li menm.
...:
Ankourajman pou kite mande moun charite, epi evite tout sa yo rele mande charite, epi pou pa depann sou moun menm si se pou yon ti bagay piti.
Kesyon ki entèdi a: se kesyon ki gen rapò ak zafè lavi a, kidonk li pa gen ladan li kesyon sou konesans ak zafè relijyon.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 721) (1043).
Plis (4)
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (1/ 588).
نزهة المتقين.
مجموعة من الباحثين (1/ 463).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 3«علىٰ أن تَعْبُدُوا الله ولا تُشْرِكُوا بِه شَيْئاً، والصَّلَوَاتِ الخَمْسِ، وَتُطِيعوا»، وَأَسَرَّ كَلِمَةً خَفِيَّةً: «وَلا تَسْأَلُوا النَّاسَ شَيْئاً».
- فتاوى المرضىفتاوى المرضى كنا عند رسول الله صلى الله عليه وسلم، تسعة أو ثمانية أو سبعة، فقال: «ألا تبايعون رسول الله؟» وكنا حديث عهد ببيعة، فقلنا: قد بايعناك يا رسول الله، ثم قال: «ألا تبايعون رسول الله؟» فقلنا: قد بايعناك يا رسول الله، ثم قال: «ألا تبايعون رسول الل