Yo tou 2 ap sibi chatiman, epi yo pap sibi chatiman pou yon gwo bagay. Younn nan yo pa te konn pran prekosyon kont pipi, epi lòt la menm te konn ap mache fè tripotay (pote pawòl pou gate rapò ant moun).
Bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2, li te di:
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kot 2 tonb, epi li te di: «Anverite, yap pini yo tou 2 epi se pa pou yon gwo zafè yap pini yo, kanta pou youn nan yo, li pat konn pwoteje tèt li kont pipi li, epi kanta pou lòt la, li te konn mache ap fè tripotay.» Aprèsa li te pran yon branch palmis frèch, li fann li an 2, epi li plante youn sou chak tonb. Yo te di: O Mesaje Allah, poukisa ou fè sa? Li te di: «Petèt sa ap soulaje yo toutan yo poko sèch.»
مَرَّ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ بِقَبْرَيْنِ، فَقَالَ: «إِنَّهُمَا لَيُعَذَّبَانِ، وَمَا يُعَذَّبَانِ فِي كَبِيرٍ، أَمَّا أَحَدُهُمَا فَكَانَ لاَ يَسْتَتِرُ مِنَ البَوْلِ، وَأَمَّا الآخَرُ فَكَانَ يَمْشِي بِالنَّمِيمَةِ» ثُمَّ أَخَذَ جَرِيدَةً رَطْبَةً، فَشَقَّهَا نِصْفَيْنِ، فَغَرَزَ فِي كُلِّ قَبْرٍ وَاحِدَةً، قَالُوا: يَا رَسُولَ اللَّهِ، لِمَ فَعَلْتَ هَذَا؟ قَالَ: «لَعَلَّهُ يُخَفِّفُ عَنْهُمَا مَا لَمْ يَيْبَسَا».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kot 2 tonb epi li te di: Sètènman, moun ki nan 2 tonb sa yo ap sibi chatiman; epi yo pap sibi chatiman pou yon gwo zafè nan zye nou, menm si li se yon gwo zafè devan Allah, Kanta pou younn nan yo, li pa te konn fè atansyon pou li pwoteje kòl ak rad li kont pipi lè lap fè bezwen li, Epi lòt la menm te konn ap mache fè tripotay (pote pawòl pou gate rapò ant moun) nan mitan moun, konsa li tap pote pawòl lòt moun ak entansyon pou fè mal, epi mete konfli ak dezòd nan mitan moun.
...:
Tripotay (pote pawòl pou gate rapò ant moun) ak kite netwaye kò a anba pipi fè pati gwo peche yo (Al-Kaba'ir), epi yo pami kòz chatiman nan tonb lan.
Allah, Trè Wo a, te devwale kèk sekrè - tankou pinisyon nan tonb lan - pou montre aklè siy pwofesi li a (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li).
Aksyon sa a, ki se fann 2 branch palmye epi mete yo sou tonbo a, se pou Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) sèlman li rezève; paske Allah te fè li konnen sitiyasyon 2 moun ki nan tonbo yo. Konsa, nou pa dwe konpare okenn lòt moun avèl, paske pa gen pèsonn ki konnen sitiyasyon moun ki nan tonbo yo.
Sahih Al-Bukhari (1/ 53) (218).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 240) (292).
Plis (6)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
لعبد الله البسام (ص43).
خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.
لفيصل آل مبارك (ص22).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 29).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولىمَرَّ النَّبِيُّ ﷺ بِقَبْرَيْنِ، فَقَالَ: «إِنَّهُمَا لَيُعَذَّبَانِ، وَمَا يُعَذَّبَانِ فِي كَبِيرٍ، أَمَّا أَحَدُهُمَا فَكَانَ لَا يَسْتَتِرُ مِنَ البَوْلِ، وَأَمَّا الآخَرُ فَكَانَ يَمْشِي بِالنَّمِيمَةِ»[6].
- قاموس الكبائرمَرَّ النَّبِيُّ ﷺ بِقَبْرَيْنِ، فَقَالَ: «إِنَّهُمَا لَيُعَذَّبَانِ، وَمَا يُعَذَّبَانِ فِي كَبِيرٍ، أَمَّا أَحَدُهُمَا فَكَانَ لَا يَسْتَتِرُ مِنَ البَوْلِ، وَأَمَّا الآخَرُ فَكَانَ يَمْشِي بِالنَّمِيمَةِ»[6].
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«إِنَّهُمَا لَيُعَذَّبَانِ، وَمَا يُعَذَّبَانِ فِي كَبِيرٍ، أَمَّا أَحَدُهُمَا فَكَانَ لَا يَسْتَتِرُ مِنَ البَوْلِ، وَأَمَّا الْآخَرُ فَكَانَ يَمْشِي بِالنَّمِيمَةِ» [120].
- مشروع المنهج التعليميمادة التوحيد مستوى 2«أَمَّا أَحَدُهُمَا فَكَانَ لاَ يَسْتَتِرُ مِنَ البَوْلِ، وَأَمَّا الآخَرُ فَكَانَ يَمْشِي بِالنَّمِيمَةِ»